Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

ENSEKIRITE

ENSEKIRITEENFÒMASYON

Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri

by Kreyòl Enfo 25/02/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 25 fevriye 2021 .- Pou pi piti sèt (7) moun mouri ak plizyè lòt blese pandan yon deblozay nan prizon sivil Kwadèboukè a, jodi jedi 25 fevriye a, kote yon dividal prizonye rive sove, daprè sa plizyè jounalis konstate. Plis pase 6 èd tan aprè, otorite yo poko prezante okenn bilan ofisyèl sou sitiyasyon an.

Jounalis ak abitan nan komin nan te remake plizyè gwoup jèn gason k ap kouri ak gwo zam fann fwa nan men yo. Divès inite nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse) te deplwaye nan rejyon an aprè evènman an. Fòs lòd yo deja mete lapat sou plizyè nan endividi sa yo ki te sove kite prizon an.

Daprè premye enfòmasyon yo, Arnel Joseph ta pami prizonye ki sove yo. Arnel Joseph se yon ansyen chèf gang ki t ap fè lalwa nan zòn Vilajdedye. Nan kòmansman ane a li te fè anpil gwo deklarasyon devan lajistis sou bon relasyon li ta genyen ak divès gwo zotobre nan pouvwa a.

Ansyen depite Arnel Belizaire pami moun ki fèmen nan prizon sivil Kwadèboukè a.

Kreyòl Enfo

25/02/2021 0 comments
ENSEKIRITE

Trajedi : bandi touye yon timoun 5 lane epi jete kadav la sou yon pil fatra

by Johnson DEROSIN 17/02/2021
Johnson DEROSIN

Kreyòl Enfo, 17 fevriye 2021.- Olsmina Jean-Méus se non yon ti fi 5 lane bandi ak zam te kidnape semèn pase a. Manman li, Nadège Saint-Hilaire, konfime bandi yo toufe timoun nan ak yon kòd epi jete kadav la sou pil fatra nan zòn Pon Breya, katye Matisan.

Bandi yo te mande 40 mil dola vèt pou libere Olsmina Jean-Méus, daprè manman an ki se yon machann pistach. Yon lajan fanmi ti pitit la pat ka jwenn.

Nan mikwo plizyè medya, Madanm Saint-Hilaire eksplike li  » fè tout mouvman pou m wè si m ta jwenn kòb la pou m bay. Malerezman, nou pat ka jwenn li ». Manman Olsmina ki paka kenbe dlo nan je l presize  » se toufe yo toufe l. Mwen jwenn li ak tout kòd la nan kou li ».

Pou kounye a, kadav ti pitit 5 lane a ap glase nan mòg. Fanmi an bezwen 40 mil goud pou fè lantèman an. Madanm Nadège Saint-Hilaire mande tout sitwayen pote kole pou ede l jwenn mwayen pou bay Olsmina yon dènye ochan.

Asasina ti fi 5 lane sa revòlte divès sitwayen nan sosyete a. Yon krim ki rive nan moman fenomèn kidnaping la pran tout zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Otorite yo ki t ap pyafe nan kanaval Pòdepè poko reyaji sou krim sa.

Kreyòl Enfo

17/02/2021 0 comments
ENSEKIRITESOSYETE

Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

by Kreyòl Enfo 09/01/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 9 janvye 2021 .- Dram nan komin Senrafayèl (depatman Nò) kote bandi louvri kout zam epi touye pou pi piti sis (6) moun nan lokalite Savann Dyann pandan yon seremoni vodou wougan Aronce Garçon t ap dirije pou konbat bandi k ap vòlò bèt peyizan yo nan kanton an. Ajan egzekitif k ap dirije lameri Senrafayèl la, Moise Ménéide, ki pale ak redaksyon Haitiinfospro.com (HIP) eksplike se pandan seremoni an ap dewoule epi yon gwoup bandi debake epi simen katouch sou peyizan yo.

HIP ki rapòte pawòl premye sitwayen Senrafayèl la presize pami moun ki mouri nan fiziyad sa gen wougan Aronce Garçon, Minouse, Milien, Odino ak Dokiyè. Gen yon lòt sitwayen ki blese byen grav tou anba bal bandi yo.  Poko gen yon arèstasyon ki fèt aprè dram sa, daprè yon sitwayen nan zòn nan.

Moise Ménéide rekonèt sitiyasyon an malouk anpil nan komin Senrafayèl pandan dènye tan sa yo. Plizyè sitwayen oblije abandone kay yo pou yo pa viktim anba men bandi k ap fè lalwa nan komin nan.

Kreyòl Enfo

09/01/2021 0 comments
ENSEKIRITE

Ensekirite : Michelet Lozama, « DJ Cash cash », blese anba bal bandi Pòtoprens

by Kreyòl Enfo 23/11/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 23 novanm 2020.- Animatè kiltirèl Michelet Lozama ki gen non atis « DJ Cash cash » blese anba bal bandi, nan mitan jounen lendi a (23), nan ri Oden, tou pre Ministè Edikasyon nasyonal. Yon sous pwòch viktim nan ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo (KE) presize atis la resevwa yon bal nan pye.

Bandi yo ki te sou motosiklèt pran yon valiz kite nan men DJ Cash cash aprè yo fin komèt zak la. Poko gen twòp detay sou kisa ki te nan valiz la. Pa vrèman gen gwo Danje pou lavi DJ Cash cash, toujou daprè menm sous la.

Cash cash, youn nan pi ansyen DJ nan peyi a, te deja viktim nan yon aksidan machin nan kòmansman ane a.

Kreyòl Enfo

23/11/2020 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITE

Ensekirite : pou yon telefòn, bandi touye yon tifi 14 lane nan vil Okay

by Kreyòl Enfo 22/10/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 oktòb 2020.- Mardochée Wagnac, yon jèn tifi 14 lane, pèdi lavi l anba bal bandi sou motosiklèt aswè mekrèdi 21 oktòb la nan zòn Vènè, yon katye nan vil Okay, depatman Sud. Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime bandi yo kòmèt krim nan paske viktim nan te refize bay yon telefòn ki te nan men l.

Lapolis nan depatman Sid la poko fè okenn arèstasyon aprè krim sa ki revòlte sitwayen nan tout rejyon an. Anpil sitwayen egzije otorite yo mete lapat sou endividi ki kòmèt zak la epi jije yo jan lalwa mande sa.

Yon pwòch Mardochée ki pat ka gen kenbe dlo nan je l siyale « Ayiti pat janm rive nan yon sitiyasyon malouk konsa. Vagabon wete lavi yon pou yon vye telefòn. Se pa posib pou Leta remèt peyi a bay bandi. »

Menm jan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, bandi ak zam ap taye banda nan depatman Sid la. Pandan dènye jou sa yo, zagoloray pa sispann vole, fè kadejak sou fanm epi touye sitwayen nan divès vil nan rejyon sid la.

Kreyòl Enfo

22/10/2020 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYON

IJAN : Bandi ak zam kidnape ansyen foutbolè Johnny Descolines

by Kreyòl Enfo 22/10/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 oktòb 2020.- Bandi ak zam kidnape, aswè mèkredi 21 oktòb la, ansyen atakan seleksyon nasyonal foutbòl la Johnny Descolines nan zòn Dèlma 33. Se ansyen konpayèl li nan seleksyon an Ernso Laurence ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo.

Bandi ki kidnape Johnny Descolines yo deja kontakte fanmi an epi mande  » anpil lajan », daprè Ernso Laurence ki rèsponsab pak Sent Terèz, nan komin Petyonvil.

Johnny Descolines se grenadye ki te konn briye nan seleksyon nasyonal la. Li te pote koulè ekip vyolèt la pandan plizyè lane.

Kreyòl Enfo

22/10/2020 0 comments
ENFÒMASYONENSEKIRITE

IJAN : Mèt Monferrier Dorval, batonye lòd avoka Pòtoprens yo, mouri anba bal bandi

by Kreyòl Enfo 28/08/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 28 dawout 2020.- Bandi ak zam otorite yo poko idantifye touye anba bal, aswè vandredi 28 dawout la, Mèt Monferrier Dorval lakay li nan zòn Pèleren 5, komin Petyonvil. Yon pwòch avoka a ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo presize Mèt Dorval resevwa plizyè katouch.

Imaj ki deja ap fè laviwonn rezo sosyal yo montre kadav Mèt Monferrier Dorval ap benyen nan san li atè a tou pre yon machin. 2 pòt devan machin nan rete tou louvri. Batonye lòd avoka Pòtoprens yo sanble te nan machin nan pandan atak la.

Mèt Monferrier Dorval se youn nan konstitisyonalis moun plis rèspekte nan sosyete a. Li toujou pataje opinyon li sou anpil gwo dosye politik k ap fè deba nan sosyete a.

Yon lòt fwa ankò, machin ensekirite a wete lavi youn nan gwo entèlektyèl ki t ap sèvi peyi a.

Kreyòl Enfo

28/08/2020 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYON

Ensekirite : yon « DJ » tonbe anba bal bandi nan vil Gonayiv

by Kreyòl Enfo 27/06/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 27 jen 2020.- Endividi otorite yo poko idantifye simen katouch, nan lanwit vandredi pou louvri samdi 27 jen an, sou yon jèn animatè mizik ki gen non atis « DJ Kabwa » nan vil Gonayiv, depatman Latibonit.a

Bandi yo wete lavi atis la pandan li t ap soti nan yon pwogram ki rele « Atè Plat », daprè enfòmasyon yon pwòch viktim nan pataje ak kolaboratè Kreyòl Enfo nan site lendepandans la.

« DJ Kabwa » moun Gonayiv prezante tankou yon jèn ki boure talan ta yon pwòch senatè Youri Latortue. Fanmi atis la mande otorite yo fè limyè sou zam asasinay sa epi pini koupab yo.

Fenomèn ensekirite a pa sispann ogmante nan site lendepandans la. Malgre anpil dispozisyon otorite nan lapolis ak lajistis di yo pran pou kwape bandi, sitwayen yo kontinye ap viktim chak jou pi plis.

Kreyòl Enfo

27/06/2020 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYON

Dram : 7 moun mouri ak plizyè lòt blese pandan yon fiziyad nan komin Gantye

by Kreyòl Enfo 26/06/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 jen 2020.- Sèt (7) moun mouri ak plizyè lòt soti blese, aprè midi jedi 26 jen an, pandan yon fiziyad nan komin Gantye, depatman Lwès. Dram sa pase nan sant komin nan tou pre lokal komisarya, konplèks administratif ak sant sante a.

Yon temwen ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) nan telefòn eksplike《se yon endividi ki t ap tante vole yon machin bò 2zè konsa. Mèt machin nan ki wè sa kouri pou anpeche vòlè a pati ak machin nan.》Malerezman, 《endividi sa sezi yon zam ki te nan machin nan epi tonbe simen katouch nan tout direksyon. 4 moun mouri lapoula, 2 lòt ki te blese byen grav pèdi lavi yo nan chimen lopital》, toujou daprè temwen an.

Aprè fiziyad la, popilasyon an mete lapat sou prezime kriminèl la ki te gentan nan men lapolis epi touye l anba kout wòch ak kout manchèt. Yon rèsponsab lapolis nan komin Gantye di, daprè temwayaj abitan nan zòn nan, endividi ki komèt krim nan ta yon depòte ki gen pwoblèm mantal.

Abitan nan komin Gantye ak zòn ki viwonnen l yo sou gwo chòk aprè fiziyad sa. Pandan tout jounen vandredi a, dram nan te nan mitan prèske tout diskisyon sitwayen yo.

Kreyòl Enfo

26/06/2020 0 comments
ENSEKIRITEAKTYALITE

Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2

by Kreyòl Enfo 11/06/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 11 jen 2020.- Plis pase yon douzèn kay pase anba flanm dife, jedi 11 jen an, nan zòn Shada 2 , yon katye nan vil Okap, depatman Nò. Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan dezyèm vil peyi a konfime se bandi ak zam ki mete dife nan kay sa yo.

Daprè temwayaj pwopriyetè youn nan kay ki boule yo, se bandi nan katye Nan Bannann ki anvayi Shada 2 epi mete dife nan kay yo. Sitwayen an di bandi Nan Bannann yo ta sèvi ak enfòmansyon lapolis nan vil Okap te bay pandan jounen pou komèt zak sa. Pandan yon konferans pou laprès, rèsponsab polis nan depatman Nò a te anonse yo rive touye yon bandi epi arete 16 lòt nan katye Shada 2.

»   Soti janvye pou rive mwa mas, 13 polisye mouri anba bal bandi

Anpil kout zam otomatik ap chante nan divès katye vil Okap pandan tout jounen an. Sa ki te bay anpil difikilte pou sèvis ponpye rantre Shada 2 al tenyen dife a.

Depi ayè mèkredi a, gwo eskonbrit pete nan vil Okap kote 2 gwoup gang ap twoke kòn yo. Pou pi piti 3 moun gentan mouri pami yo yon ajan UDMO.

11/06/2020 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.