
Prizonye k ap sove nan prizon sivil Kwadèboukè a
Kreyòl Enfo, 25 fevriye 2021 .- Pou pi piti sèt (7) moun mouri ak plizyè lòt blese pandan yon deblozay nan prizon sivil Kwadèboukè a, jodi jedi 25 fevriye a, kote yon dividal prizonye rive sove, daprè sa plizyè jounalis konstate. Plis pase 6 èd tan aprè, otorite yo poko prezante okenn bilan ofisyèl sou sitiyasyon an.
Jounalis ak abitan nan komin nan te remake plizyè gwoup jèn gason k ap kouri ak gwo zam fann fwa nan men yo. Divès inite nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse) te deplwaye nan rejyon an aprè evènman an. Fòs lòd yo deja mete lapat sou plizyè nan endividi sa yo ki te sove kite prizon an.
Daprè premye enfòmasyon yo, Arnel Joseph ta pami prizonye ki sove yo. Arnel Joseph se yon ansyen chèf gang ki t ap fè lalwa nan zòn Vilajdedye. Nan kòmansman ane a li te fè anpil gwo deklarasyon devan lajistis sou bon relasyon li ta genyen ak divès gwo zotobre nan pouvwa a.
Ansyen depite Arnel Belizaire pami moun ki fèmen nan prizon sivil Kwadèboukè a.
Kreyòl Enfo