Nayib Bukele : Kadav ki remèt yo se pa kò 4 sòlda salvadoryen yo

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 24 oktòb 2026.- Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, presize kadav gwoup imanitè Hero Client Rescue remèt yo se pa rès kò 4 sòlda salvadoryen ki anba men bandi nan zòn Santo, komin Kwadèboukè, depi 18 oktòb pase a.

Nayib Bukele eksplike kadav sa yo se rès kò yon timoun, yon gason ki pi gwo anpil pase militè salvadoryen yo, ansanm ak kò yon lòt moun ki te mete yon inifòm militè ki pa lame peyi Salvadò a.

Yo te jwenn tou kat idantifikasyon ak inifòm militè lòt peyi pami rès kò òganizasyon imanitè a te jwenn yo. Prezidan Salvadò a pataje yon Kat Idantifikasyon Nasyonal ki ta pou yon sitwayen ki soti nan peyi Tchad ak yon badj ki sanble pou yon manm Fòs pou Konbat Gang yo ( FRG, sig nan lang franse).

Li tou  Ensekirite : Bandi kidnape 5 elèv lekòl, 3 nan yo soti nan yon sèl fanmi

Nan finisman aprè midi a, jounal ameriken New York Times te kouri anonse yo jwenn kadav 4 sòlda salvadoryen yo.

Plis pase 450 sòlda salvadoryen deja debake Ayiti pou patisipe nan operasyon chèche 4 sòlda ki nan men gang yo. Gen lòt sòlda ak materyèl ki ta dwe rive nan peyi a toujou nan jou k ap vini yo.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment