Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 19 oktòb 2026.- Anbasadè peyi Salvadò nan Nasyonzini an, Egriselda López, kondane atak bandi fè sou 4 militè salvadoryen yo, ayè dimanch la, nan zòn Santo, Kwadèboukè. Madanm López di gouvènman li reprezante a gen anpil enkyetid pou lavi 4 sòlda sa yo ki te pran nan yon zatrap pandan yo t ap rantre nan baz yo nan yon machin blennde.

Diplomat la mande kominote entènasyonal la ranfòse kowòdinasyon, sèvis ransèyman, siveyans ak mwayen sekou pou lokalize militè yo epi fè yo retounen vivan. Egriselda López di li regrèt otorite yo poko rive fè okenn kontak ak 4 militè yo.

Operasyon yo ap kontinye pou rive lokalize epi rapatriye 4 sòlda salvadoryen sa yo ki te deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo (FRG, sig nan lang franse). Toutfwa, operasyon sa yo difisil anpil, daprè otorite Salvadò yo. Malgre yo voye elikoptè, bandi yo rive sible epi fòse elikoptè yo kase tèt tounen. Yon rèsponsab nan FRG ki pale ak jounal EL Pais konfime plizyè inite k ap tante atake bandi yo atè tou ap fè fas ak anpil rezistans kote yo menm oblije repliye.

Li tou  Ofisyèl : Kanaval nasyonal la anile

Nan yon kominike, Fòs pou Konbat Gang yo mande moun k ap viv nan katye Santo ak zòn ki viwonnen l yo pou rete fèmen anndan kay pou yo pa viktim pandan operasyon yo.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment