Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Author

Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo

AKTYALITE

Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

by Kreyòl Enfo 20/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 19 oktòb 2026.- Anbasadè peyi Salvadò nan Nasyonzini an, Egriselda López, kondane atak bandi fè sou 4 militè salvadoryen yo, ayè dimanch la, nan zòn Santo, Kwadèboukè. Madanm López di gouvènman li reprezante a gen anpil enkyetid pou lavi 4 sòlda sa yo ki te pran nan yon zatrap pandan yo t ap rantre nan baz yo nan yon machin blennde.

Diplomat la mande kominote entènasyonal la ranfòse kowòdinasyon, sèvis ransèyman, siveyans ak mwayen sekou pou lokalize militè yo epi fè yo retounen vivan. Egriselda López di li regrèt otorite yo poko rive fè okenn kontak ak 4 militè yo.

Operasyon yo ap kontinye pou rive lokalize epi rapatriye 4 sòlda salvadoryen sa yo ki te deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo (FRG, sig nan lang franse). Toutfwa, operasyon sa yo difisil anpil, daprè otorite Salvadò yo. Malgre yo voye elikoptè, bandi yo rive sible epi fòse elikoptè yo kase tèt tounen. Yon rèsponsab nan FRG ki pale ak jounal EL Pais konfime plizyè inite k ap tante atake bandi yo atè tou ap fè fas ak anpil rezistans kote yo menm oblije repliye.

Nan yon kominike, Fòs pou Konbat Gang yo mande moun k ap viv nan katye Santo ak zòn ki viwonnen l yo pou rete fèmen anndan kay pou yo pa viktim pandan operasyon yo.

Kreyòl Enfo

20/10/2026 0 comments
KILTI

Koukouwouj dèyè Arnel : Yon elèv lekòl ak yon polisye mouri

by Kreyòl Enfo 04/04/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 4 avril 2019 .- Yon polisye ak yon elèv lekòl pèdi lavi yo, jodi jedi 4 avril la, pandan yon operasyon koukouwouj lapolis t ap mennen kont chèf gang Arnel Joseph nan 4e seksyon komin Desalin, depatman Latibonit.

Victor Bellange, 19e pwomosyon, se non polisye ki mouri a. Li te nan Brigad entèvansyon kont ensekirite fonsyè (BRICIF), yon inite nan Lapolis la ki jere dosye konfli tè.

Yon elèv lekòl pèdi lavil pandan operasyon sa tou, daprè enfòmasyon kolaboratè Kreyòl Enfo nan depatman Latibonit la konfime. 2 polisye ak plizyè lòt sitwayen blese tou pandan ajan fòs lòd yo t ap twoke kòn yo ak « solda » Arnel yo.

Chèf gang la ki te gentan chape poul li menase pou bloke depatman Latibonit la. Nan mikwo plizyè radyo nan kapital la, Arnel lanse yon pinga bay otorite yo li di ki ta « dwe wont » pou simagri y al fè dèyè l jouk nan vil Desalin .

Rèsponsab Lapolis yo toujou poko bay yon bilan ofisyèl sou operasyon sa.

Kreyòl Enfo

04/04/2019 0 comments
Uncategorized

Yon fèstival entènasyonal vodou nan vil Gonayiv

by Kreyòl Enfo 01/04/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, premye avril 2019 .- Vodouyizan yo tanmen preparasyon pou òganize premye fèstival entènasyonal vodou nan peyi a. Gonayiv se vil ki pral akeyi fèstival sa k ap dewoule 12, 13 ak 14 dawout 2019 la, daprè enfòmasyon yon manm sektè vodou a pataje ak Kreyòl Enfo.

Wougan Enock Géné Genelus eksplike objektif fèstival la se pou fè pwomosyon pou vodou a nan tout mond la epi pèmèt plis tèt kole nan mitan vodouyizan yo.

Ansyen Komisè Gouvènman Gonayiv ki raple enpòtans pratik vodou a nan kilti ayisyèn nan siyale gen plizyè fèstival entènasyonal vodou ki òganize deja nan peyi Benin ki sou kontinan Afriken.

Lamerite nan site lendepanpans la deja pran angajman pou bay bourad lajan ak aktivite sa. Rèsponsab biwo lakilti komin nan, Beken Petit Homme, kwè aktivite sa pral ede vann imaj pwatrimwàn kiltirel sa, kote moun k ap pratike vodou Ayiti pa sispann sibi move diskriminasyon.

Docteur Rolguy

01/04/2019 0 comments
Uncategorized

Pase 10 Ayisyen mouri nwaye nan lanmè zile Turks and Caicos

by Kreyòl Enfo 31/03/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 31 mas 2019 .- Pou pi piti 10 Ayisyen mouri nwaye aprè yon ti bato ki t ap transpòte migran fin koule nan lanmè zile Turks and Caicos, daprè enfòmasyon jounal Miami Herald rapòte jodi dimanch la.

Jounal la ki site otorite Turks and Caicos yo presize sevis k ap pote sekou yo gentan sove 13 moun. Yo poko gen presizyon tou sou kantite Ayisyen ki te nan ti bato sa.

Youn nan otorite ki sou zile a konfime » gen ofisye Lamarin, ajan imigrasyon ak plonjè k ap kontinye bouske vivan oubyen lòt viktim nan lanmè a ».

Plizyè santèn Ayisyen deja nwaye nan lanmè divès zile Karayib la pandan lane 2019 la.

Kreyòl Enfo

31/03/2019 0 comments
Uncategorized

Li deklarasyon prezidan Jovenel Moise fè jodi jedi a

by Kreyòl Enfo 14/02/2019
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 14 fevriye 2019.- Kreyòl Enfo ap pèmèt ou li tout deklarasyon prezidan Jovenel Moise fè, aswè jedi a, sou katchouboumbe ki pete nan peyi a depi 7 fevriye.

Pèp Ayisyen

Mwen vinn pale avèk nou jodi a, sou sitiyasyon peyi a trouve l depi plizyè jou. Kote tout aktivite paralyzenan anpil zòn, sitou nan zòn metropolitèn nan.

M ap voye senpati m bay tout viktim zak kraze brize ki fèt nan dènye jou sa yo. Mwen panse a fanmi moun ki pèdi lavi yo, moun ki pèdi biznis yo, ki pèdi machin yo, ki pèdi komès yo, timachann ki pedi bak yo. Nan non nasyon an, mwen eksprime yo tout solidarite mwen.

Mwen voye senpati m bay Pèp la kap viv yon sityasyon imanitè grav ki pa ka jwenn manje pou yo manje, ki paka ale lopital, Ki paka jwenn medikaman, ki paka ale lekol.

Manifestasyon se yon dwa tout sitwayen genyen nandemokrasi. Dwa sa a makonnen ak devwa chak moun genyen pou respekte lalwa. Li inakseptab pou moun ki gen fonksyon ofisyèl ap manifeste kot a kot avek chef gang amé ke lajistis ap chache. Sa a se yon siyal ki pa fè lonè demokrasi, ki pa fè lonè enstitisyon nou yo.

Mwen voye yon gwo kout chapo bay lapolis, chak polisye ki te fè tout sa yo kapab pou pwoteje lavi ak byen moun. Prezidan nou fyè de nou. Peyi a fyè de nou.

Moun ki nan plis bezwen yo se avè nou m ap pale, moun ki gen menm orijin sosyal avè m yo, moun ki gen yon frè, yon sè, yon kouzen, yon kouzin, ki oblije kite peyi a pou ale chache lavi miyo yon lot kote, pafwa yo nwaye nan lanmè, reken manje yo, bèt sovaj nan forè devore yo. Moun ki leve maten ki pa jwenn anyen pou yo manje ansam ak pitit yo, map di nou tout, mwen pap janm trayi nou. Se pou nou mwen te kandida, se pou nou mwen vinn prezidan, se pou nou map travay. Men pa bliye, lè w prezidan yon peyi ki pa gen gwo mwayen tankou peyi pa nou ou oblije chwaziant aksyon kap mete Ayiti sou ray devlopman tout bon vre men ki pran yon titan, e aksyon ki ka parèt bon jodi a men kap plonje peyi a nan plis mizè demen.

Mwen tande vwa pèp la, mwen konn pwoblèm kap toumante nou. Se poutèt sa, gen yon pakèt mezi gouvenman an pran, mwen mande Premye Minis la poul vinn eksplike yo e aplike yo prese prese pou soulaje mize nou.
M ap kontinye mande CSPN nan pou gen dispozisyon ki pran pou akonpaye popilasyon an pou serenite, lapè ak kè poze retounen nan 4 kwen peyi a.
Pep Ayisyen,

à) Kriz peyi a ap travese a grav anpil. Depi Jiyè pase a, pèp la te soti nan la ri pou l mande chanjman nan kondisyon lavi l. Mw tande vwa li. Se poutet sa Mw te chwazi yon moun ki te kandida anfas mwen nan eleksyon, Notaire Jean Henri Ceant kom Premye Minis pou fome yon gouvenman. Senk mwa apre, Kriz la Vin pi grav e li menase fondasyon peyi a. Li ka gen anpil konsekans sou peyi a. Gen de moun ki pa nan afe demokrasi, ki pa pou yon eta de dwa ki vle enpoze nasyon an yon bagay ki pap bon pou li. Li paret kle pou tout moun, ke se selman yon chita pale ak tout fos nasyon an ki ka ede n soti nan sa n ye la a, pou tout bagay diskite kom sa dwa.
Nou pase yon latriye gouvenman tranzisyon ki bay yon pakètkatastrof ak dezod ki fè peyi a anpil mal. Anpil san koule pou anyen. Leta vinn pi fèb e lavi tout moun ap degrade chak jou piplis. Nap vle refè menm bagay yo chak fwa. Chak fwa gen pwoblem sa yo, to dola monte, lamizè vin pirèd. Pa gen moun k ap reflechi tout bon vre sou kriz nap travese jodiya kipa konprann ke se sel chimen dyalog pou nou pran si nou vle lapè ak pwogrè tout bon vre. Pagen moun ki gen bon konprann kita renmen guè sivil eklate nan peyi a. Li pap bon pou pèson.

Pèp Ayisyen

14/02/2019 0 comments
Uncategorized

Okay : patizan pouvwa ak opozisyon ap twoke kòn yo, plizyè makèt piye

by Kreyòl Enfo 20/04/2018
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 20 novanm 2018.- Vil Okay ( depatman Sid) konnen yon twazyèm jounen latwoublay madi 19 novanm nan kote patizan pouvwa a ak manm opozisyon an t ap twoke kòn yo. Pou pi piti yon moun blese nan afwontman sa.

Enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo konfime yon gwoup endividi fè piyaj nan plizyè makèt ak lòt antrepriz nan vil la. Pwotestatè yo te tante mete dife, yon lòt fwa ankò, nan lokal Elektrisite Ayiti (EDH, sig nan lang franse ) ki nan vil la.

Lapolis nan depatman Sid la gen gwo difikilte pou tabli lapè nan vil. Kantite polisye yo ki twò piti se youn nan rezon ki lakoz gen tout latwoublay sa nan vil Okay, daprè kèk temwen.

Nan kòmansmam lanwit la, zam t ap chante nan plizyè katye nan Okay.

20/04/2018 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.