Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

KILTI

AKTYALITEDYASPORAKILTI

Nouyòk : Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre dyaspora a epi onore atis Carole Demesmin

by Kreyòl Enfo 21/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 septanm 2026 .- Pandan deplasman li nan peyi Etazini pou patisipe nan 81e Asanble Jeneral Òganizasyon tout nasyon yo ( ONU, sig nan lang franse), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pwofite rankontre kominote dyaspora ayisyen an nan Nouyòk. Pandan rankont sa, Alix Didier Fils-Aimé te salye prezans Carole Demesmin, yon zetwal nan kilti ayisyen an.

Premye Minis la raple Carole Demesmin se yon vwa ki make tout yon jenerasyon. Atis la kontinye ap pote, atravè zèv li, idantite, memwa ak richès kilti ayisyen an, toujou daprè chèf gouvènman an. Li souliye tou kontribisyon atis yo pote nan vann imaj Ayiti nan peyi etranje yo.

Se te lokazyon tou pou chèf Primati a te prezante priyorite gouvènman l lan bay kominote ayisyen an ki tabli nan Nouyòk, Etazini. Alix Didier Fils-Aimé fè kwè sekirite se pi gwo priyorite li genyen nan moman an. Li raple pwogram P4000 la ki vize ranfòse Lapolis, epi objèktif pou Fòs Lame Ayiti a gen 15 mil sòlda pandan 3 lane k ap vini la yo.

Premye Minis la di volonte li genyen tou pou gouvènman l ap dirije a òganize bon jan eleksyon epi retabli demokrasi nan peyi a. Alix Didier Fils-Aimé ankouraje dyaspora a rantre plis nan lavi ekonomik ak politik peyi a.

Kreyòl Enfo

21/09/2026 0 comments
KILTIAKTYALITE

Ofisyèl : Kanaval nasyonal la anile

by Kreyòl Enfo 19/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 fevriye 2025.– Nan yon kominike ki pote dat 17 fevriye 2025, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) anonse li anile kanaval nasyonal ane sa a ki te genyen pou òganize nan vil Fòlibète, depatman Nòdès. Yon desizyon otorite yo di yo pran akoz sitiyasyon sekirite a ki vin pi malouk nan peyi a.

 

Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an souliye nan kominike a, yo pran desizyon pou anile kanaval la sitou aprè anpil sitwayen pat kache enkyetid yo sou òganizasyon evènman an pandan ensekirite ap vale teren.

 

Toutfwa, gouvènman an presize chak rejyon ap toujou òganize pwòp aktivite kanaval yo yon manyè pou rèspekte tradisyon popilè a. Leta ayisyen pwomèt l ap soutni sektè kiltirèl la pou pèmèt atis yo kontinye fè tande vwa yo epi pouse kilti peyi a pi lwen.

Kreyòl Enfo

19/02/2025 0 comments
KILTI

Koukouwouj dèyè Arnel : Yon elèv lekòl ak yon polisye mouri

by Kreyòl Enfo 04/04/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 4 avril 2019 .- Yon polisye ak yon elèv lekòl pèdi lavi yo, jodi jedi 4 avril la, pandan yon operasyon koukouwouj lapolis t ap mennen kont chèf gang Arnel Joseph nan 4e seksyon komin Desalin, depatman Latibonit.

Victor Bellange, 19e pwomosyon, se non polisye ki mouri a. Li te nan Brigad entèvansyon kont ensekirite fonsyè (BRICIF), yon inite nan Lapolis la ki jere dosye konfli tè.

Yon elèv lekòl pèdi lavil pandan operasyon sa tou, daprè enfòmasyon kolaboratè Kreyòl Enfo nan depatman Latibonit la konfime. 2 polisye ak plizyè lòt sitwayen blese tou pandan ajan fòs lòd yo t ap twoke kòn yo ak « solda » Arnel yo.

Chèf gang la ki te gentan chape poul li menase pou bloke depatman Latibonit la. Nan mikwo plizyè radyo nan kapital la, Arnel lanse yon pinga bay otorite yo li di ki ta « dwe wont » pou simagri y al fè dèyè l jouk nan vil Desalin .

Rèsponsab Lapolis yo toujou poko bay yon bilan ofisyèl sou operasyon sa.

Kreyòl Enfo

04/04/2019 0 comments
KILTISOSYETE

Yon fèstival entènasyonal vodou nan vil Gonayiv

by Kreyòl Enfo 01/04/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, premye avril 2019 .- Vodouyizan yo tanmen preparasyon pou òganize premye fèstival entènasyonal vodou nan peyi a. Gonayiv se vil ki pral akeyi fèstival sa k ap dewoule 12, 13 ak 14 dawout 2019 la, daprè enfòmasyon yon manm sektè vodou a pataje ak Kreyòl Enfo.

Wougan Enock Géné Genelus eksplike objektif fèstival la se pou fè pwomosyon pou vodou a nan tout mond la epi pèmèt plis tèt kole nan mitan vodouyizan yo.

Ansyen Komisè Gouvènman Gonayiv ki raple enpòtans pratik vodou a nan kilti ayisyèn nan siyale gen plizyè fèstival entènasyonal vodou ki òganize deja nan peyi Benin ki sou kontinan Afriken.

Lameri nan site lendepanpans la deja pran angajman pou bay bourad lajan ak aktivite sa. Rèsponsab biwo lakilti komin nan, Beken Petit Homme, kwè aktivite sa pral ede vann imaj pwatrimwàn kiltirel sa, kote moun k ap pratike vodou Ayiti pa sispann sibi move diskriminasyon.

Docteur Rolguy

01/04/2019 0 comments
KILTISOSYETE

« Soup libète », yon inisyativ pou remanbre tradisyon nou

by Johnson DEROSIN 21/12/2018
Johnson DEROSIN

Pòtoprens, 21 desanm 2018.- Pou make 214 lane depi Ayiti pran lendepandans li, Fondasyon STO lanse « Soup libète  » pou premye janvye 2019 k ap vini la a. Inisyativ sa vize rebay tradisyon bwè soup chak premye janvye a veritab sans li genyen nan listwa pèp ayisyen an, daprè responsab kominikasyon Fondasyon an, Cliff Coulange.

Fondasyon STO ki jwenn bourad Fondasyon 5×4 prevwa distribiye plat « Soup libète a » nan plis pase 400 sant nan tout peyi a.

Responsab kominikasyon an presize inisyativ « Soup libète  » premye janvye k ap vini la a pa gen okenn objektif politik. Se sitou lokazyon pou montre enpòtans pou tout aktè politik ak sosyete sivil la mete tèt yo ansanm tankou zansèt nou yo te fè pou kase kòd lèsklavaj nan kòmansman 19e syèk la.

Cliff Coulange wè nan inisyativ sa tou yon mwayen pou ankouraje pwodiksyon nasyonal la.

Fondasyon STO ap milite nan domèn edikasyon sitwayen. Li chita kò l nan lekòl frè St-Louis de Gonzague yo. Fondasyon 5×4, sou bò pal, ap travay nan zafè anviwònman. Gen 53 lekòl ki manm Fondasyon an ki vle plante 20 milyon pye bwa pandan 4 lane.

Kreyòl Enfo

21/12/2018 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.