Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Author

Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo
Kreyòl Enfo

AKTYALITEENSEKIRITE

Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

by Kreyòl Enfo 21/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 oktòb 2026.- Nan yon mesaj li pibliye sou X ( Twitter), prezidan Salvadò a menesa pou fini ak gang yo Ayiti menm jan li fè l nan peyi Salvadò. Nayib Bukele konseye bandi yo pou pa pran pawòl li yo pou menas anlè. Li di « si yo remèt 4 sòlda salvadoryen yo vivan, tout bagay ap retounen jan yo te ye avan kidnaping nan.»

Nan mesaj sa li pibliye nan lang kreyòl, prezidan Bukele souliye 4 sòlda ki disparèt yo pa konbatan. Li presize « yo se teknisyen nan domèn avyasyon » ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo (FRG, sig nan lang franse). Kontenjan ki soti Salvadò a genyen «sèlman pilòt ak pèsonèl teknik, ki gen kòm travay prensipal fè evakyasyon medikal epi sove lavi moun, pa fè lagè», toujou daprè Nayib Bukele.

Li eksplike bandi « kidnape sòlda yo nan yon fason lach pandan yo t ap retounen aprè yo te fin achte manje nan yon makèt nan zòn nan. Se poutèt sa, jodi a nou te lanse yon operasyon militè pou pote yo sekou. Nou gen yon sèl objektif : fè kat konpatriyòt nou yo retounen lakay yo vivan, san okenn mal»

Nayib Bukele di li vle chèf gang yo konprann atak jodi a pa anyen devan sa k ap vini si yo pa remèt kat otaj yo vivan. Prezidan an ki raple li deja fini ak fenomèn gang la nan peyi Salvadò, di li « kapab fini » ak li tou Ayiti.

Toutfwa, prezidan Bukele di gang yo toujou gen tan pou evite sa si yo remèt li 4 sòlda yo vivan.

Kreyòl Enfo

21/10/2026 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITE

4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

by Kreyòl Enfo 19/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 19 oktòb 2026 .- Kat (4) sòlda peyi Salvadò ki deplwaye Ayiti nan kad operasyon Fòs pou konbat Gang yo (FRG, sig nan lang franse) disparèt, depi ayè dimanch 18 oktòb la, nan zòn  Laplèn, komin Kwadèboukè.  Nan yon kominike, Lame peyi Salvadò ki konfime enfòmasyon an presize sòlda yo te pran nan yon zatrap (anbiskad) yon gwoup bandi te tann pou yo pandan yo t ap rantre nan baz nan yon machin blennde.

Gwoup kriminèl yo te itilize zam ak lòt aparèy eksplozif pou pyeje sòlda yo epi mete dife nan machin nan, daprè kominike a. Kominike Lame presize a presize sòlda yo te reyisi soti nan machin nan epi boukante anpil kout bal ak bandi yo.

Depi yèswa, Fòs pou Konbat Gang yo te voye elikoptè epi deplwaye yon gwoup sòlda atè pou soutni sòlda salvadoryen yo. Sepandan, bandi yo rive touche elikoptè a epi fòse fòs lòd yo repliye. Afwontman yo ta pral repann kèk èd tan aprè.

Fòs pou Konbat Gang yo ki anonse y ap kontinye ak operasyon pou rekipere sòlda yo mande abitan k ap viv nan zòn Laplèn rete lakay yo pou yo pa viktim. Kominike Lame Salvadò a pa presize si yo rive lokalize sòlda yo.

Kreyòl Enfo

19/10/2026 0 comments
AKTYALITEENTÈNASYONAL

Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

by Kreyòl Enfo 17/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 17 oktòb 2026 .- Lafrans ap fè fas, jodi samdi 17 oktòb la, ak yon gwo mouvman pwotestasyon kont lavi chè, pwoblèm nan edikasyon piblik ak pri gaz la ki pa sispann monte. Pandan mouvman sa, manifestan ak lapolis te twoke kòn yo nan divès vil kote te gen anpil vyolans.

Pari, pwotestè yo sakaje epi piye plizyè biznis. Yo boule tou plizyè machin nan zòn plas repiblik la. Fòs lòd yo te itilize gaz lakrimojèn pou kouri dèyè pwotestè yo ki yo menm t ap tire anpil kout wòch sou polisye yo. Plizyè manifestan soti blese nan afwontman ak fòs lòd yo nan kapital la.

Nan vil Masèy, pwotestatè yo denonse pwofesè yo di ki manke nan sal klas yo. Yon gwoup manifestan ki pat kache kòlè yo fòse louvri pòt lokal meri a epi kraze vit ak mèb ki te nan yon sal. Yo tante mete dife tou nan yon komisarya. Fòs lòd yo te itilize yon kamyon dlo ak gaz lakrimojèn pou kontwole sitiyasyon an.

Te gen gwo tansyon tou nan divès lòt gran vil tankou Lyon, Lil ak Bòdo. Manifestan yo plenyen pou pri gaz la yo di ki pa sispann monte. Yo atake plizyè lokal meri, piye magazen, boule machin epi bloke wout ak tout sa yo jwenn sou pasaj yo. Gen yon manifestan ki pèdi men l ak yon grenad nan vil Sentetyèn.

Kandida pou pòs prezidan anba banyè « Lafrans Ensoumiz » la, Jean-Luc Mélenchon, te akonpaye pwotestatè yo ki mande Leta envesti 10 milya ewo nan edikasyon. Lidè pati degoch la kritike estrateji fòs lòd yo li di ki pa sispann pwovoke manifestan yo. Toutfwa, Jean Luc Mélenchon konseye manifestan yo pou evite rantre nan afwontman ak lapolis. Li di tou moun k ap piye magazen ak boule machin yo pa gen anyen pou wè ak jèn k ap mande pi bon kondisyon pou yo etidye.

Pou kounye a, sanble pouvwa Emmanuel Macron an poko gen okenn solisyon pou rezoud kriz sa ki kòmanse depi anviwon yon mwa.

Kreyòl Enfo

17/10/2026 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYON

Maduro ak madanm li di yo inosan devan yon tribinal federal ameriken nan Manhattan

by Kreyòl Enfo 15/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 15 oktòb 2026 .- Ansyen prezidan venezyelyen an Nicolas Maduro ansanm ak madanm li, Cilia Flores, parèt devan yon tribinal federal ameriken nan Manhattan, jodi jedi a, pou reponn sou plizyè lòt akizasyon k ap peze sou do yo. Daprè pakè federal la, ansyen prezidan an ak madanm li ta patisipe nan yon konplo pou arete, tòtire epi jete nan prizon opozan politik ak plizyè sitwayen ameriken.

Yon seri akizasyon Nicolas Maduro ak Cilia Flores voye jete byen lwen. 2 akize yo plede non koupab pou tout akizasyon sa yo. Madanm Maduro di li inosan, li pa gen anyen pou wè ak akizasyon sa yo.

Mete sou akizasyon sa yo, lajistis amerikèn te deja akize Maduro ak madanm li kòm moun ki nan dwòg epi k ap finanse teworis.

Pandan yon operasyon militè, otorite amerikèn yo te fè dappiyanp sou Nicolas Maduro ak Cilia Flores nan kapital Venezyela a, Karakas, 3 janvye 2026 pase a. Pwosè Maduro ak madanm li ki fèmen nan prizon Brooklyn ta dwe kòmanse 14 jen 2026.

Kreyòl Enfo

15/10/2026 0 comments
AKTYALITEESPÒ

Leta ayisyen ap etidye posibilite pou konstwi yon estad foutbòl modèn nan vil Okay

by Kreyòl Enfo 12/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 12 oktòb 2026.- Leta ayisyen atravè Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC, sig nan lang franse) kòmanse travay sou pwojè konstriksyon yon estad foutbòl modèn nan vil Okay, depatman Sid. Yon delegasyon ki te gen nan tèt li minis Pythagore Dumas te fè yon vizit enspeksyon nan Pak Lako, samdi 10 oktòb la, daprè yon kominike MJSAC. Sa fè dezyèm fwa rèsponsab Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik yo te vizite espas sa kote yo prevwa konstwi estad la .

Kominike MJSAC la fè kwè gouvènman an ap etidye tout posibilite pou pèmèt pwojè sa tounen yon reyalite. Premye minis Alix Didier Fils-Aimé « enplike nan rezoud yon konfli tè ki antranve fonksyònman Pak Lako depi anviwon 10 lane», toujou daprè kominike a.

Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik di gouvènman an vle konstwi yon estad ki respekte egzijans FIFA yo pou pèmèt seleksyon nasyonal nou yo resevwa match yo sou tè Ayiti.

Pou kounye a, pwojè a toujou nan etap evalyasyon. Pa gen okenn dat ki fikse pou kòmanse travay yo. Ministè a poko di tou ki kantite lajan pwojè sa ap koute ni konbyen moun estad sa ap ka resevwa.

Sa gen anviwon 10 lane depi seleksyon nasyonal yo pa jwe devan piblik ayisyen an akoz sèl grenn estad ki rèspekte egzijans FIFA yo, Estad Sylvio Cator, anba kontwòl bandi ki nan Viv Ansanm.

Kreyòl Enfo

12/10/2026 0 comments
AKTYALITE

Lanmò : se konfime majistra Kenskòf la, Massillon Jean, rann dènye souf li

by Kreyòl Enfo 09/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 10 oktòb 2026.- Aprè konfizyon ki te genyen pandan tout aprè midi a nan enfòmasyon konsènan eta sante majistra Kenskòf la , Jean Massillon, boutofen se konfime li rann dènye souf li aswè vandredi 9 oktòb 2026 la. Se youn nan majistra adwen yo, Jean Max Duvivier, ki konfime nouvèl la pou divès medya.

Daprè enfòmasyon yo, jodi a ajan majistra a t ap vizite yon zòn yo rele « Bwa Avril » bò midi konsa, epi britsoukou li santi yon malèz, li gen pwoblèm pou l respire. Yo kouri mennen l lakay li epi rele yon anbilans pou mennen l lopital. Anbilans la ta pral rive aprè plizyè èd tan, daprè yon temwen.

Gen enfòmasyon ki fè kwè kè majistra a te sispann bat depi nan anbilans lan pandan yo t ap mennen l lopital la. Sepandan,  Jean Max Duvivier di se nan yon lopital nan zòn mwtwopolitèn Pòtoprens la Massillon Jean rann dènye souf li.

Sou rezo sosyal yo anpil moun k ap reyaji sou lanmò a panse se yon atak mistik ki jete majistra a. Sou Fesbouk, yon moun ki t ap kòmante di “ bandi yo wè yo paka rive sou majistra ak zam, yo kraze l ak majik « .

N ap raple, Massillon Jean se te yon poto mitan nan batay kont gang ak zam ki anvayi komin Kenskòf depi mwa janvye 2025. Li te toujou ap ankouraje fòs lòd yo mennen operasyon pou kwape zagoloray yo.

Kreyòl Enfo

09/10/2026 0 comments
ESPÒ

Gonayiv : Alix Didier Fils-Aimé anonse 105 milyon goud pou repare pak Stenio Vincent

by Kreyòl Enfo 08/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026 .- Premye minis Alix Didier Fils-Aimé anonse yon anvlòp 105 milyon goud pou repare pak espòtif Stenio Vincent ki nan vil Gonayiv,  depatman Latibonit. Chèf gouvènman an presize lajan sa pwograme nan bidjè 2026-2027 ki adòpte 30 septanm pase a.

Alix Didier Fils-Aimé deklare reparasyon teren foutbòl sa se yon etap enpòtan nan estrateji pou bay jèn  yo espas espòtif modèn ki reponn ak bezwen yo. Premye minis la kwè foutbòl se yon motè sansibilizasyon, inite ak disiplin. Li raple envesti nan jèn yo  jodi a se garanti lavni demen.

Pak Stenio Vincent gen 15 lane depi li pa janm repare. Anpil obsèvatè swete lajan pou reparasyon pak la pa rete sou papye menm jan ak anpil lòt gwo anons otorite yo abitye fè men ki pa janm ateri.

Kreyòl Enfo

08/10/2026 0 comments
ENSEKIRITEAKTYALITE

Nasyonzini : nan 6 mwa, plis pase 3 100 moun pèdi lavi yo anba bal nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la

by Kreyòl Enfo 08/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 8 oktòb 2026.- Nan yon rapò ki pibliye mèkredi 7 oktòb la, yon gwoup ekspè nan Òganizasyon Nasyonzini (ONI) revele soti oktòb 2025 pou rive avril 2026, 3165 moun pèdi lavi yo akoz vyolans gang yo. 375 lòt sitwayen soti blese anba bal tou pandan peryòd sa.

Rapò ekspè yo souliye 613 nan viktim yo soti nan komin Site Solèy. Gen anpil moun ki viktim tou pandan gang yo ap boukante kout bal ak lapolis, daprè Nasyonzini. Plizyè milye moun kouri kite kay yo tou nan zòn ki anba kontwòl bandi yo.

Mete sou moun ki mouri ak blese yo, bandi yo plede fè kadejak tou sou fanm ak tifi nan divès katye. Ekspè yo siyale gang yo kontwole 70% nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Òganizasyon Nasyonzini lonje dwèt sou plizyè ansyen palmantè ki ta nan kòkòday ak bandi k ap fè san koule nan peyi a. Pami palmantè sa yo genyen ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine.

Kreyòl Enfo

08/10/2026 0 comments
AKTYALITEPOLITIK

Òganizasyon Nasyonzini lonje dwèt sou Moise Jean Charles nan kontrebann zangi

by Kreyòl Enfo 08/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026.- Yon gwoup ekspè nan Òganizasyon Nasyonzini ( ONI) lonje dwèt sou ansyen senatè Moise Jean Charles ki ta nan yon rezo k ap fè trafik zangi. Daprè yon rapò ekspè yo pibliye, lidè Pitit Desalin nan ta itilize rezo sa pou jwenn otorizasyon anba tab pou voye vann zangi nan lòt peyi.

Moise Jean Charles ta fè presyon tou sou ajan ladwàn yo pou fòse yo kache orijin machandiz la, toujou daprè rapò a. Anketè Òganizasyon Nasyonzini yo fè kwè ansyen palmantèta a ta lakoz Leta ayisyen pèdi yon pil lajan ak rezo kontrebann sa.

Moise Jean Charles ki pale ak redakayon Kreyòl Enfo denonse « yon konplo » li di ekspè Nasyonzini yo melanje ak oligak ayisyen ap fè pou sal imaj li. Lidè Pitit Desalin nan bay garanti  » konplo sa p’ap pase ».

Òganizasyon Nasyonzini te tanmen ankèt sou Moise Jean Charles la nan vil Fòlibète depi nan lane 2024.

Kreyòl Enfo

08/10/2026 0 comments
AKTYALITEJISTIS

Mèt Joseph Mecène Jean-Louis, ansyen dwayen Lakou kasasyon, mouri nan yon lopital Gonayiv

by Kreyòl Enfo 07/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026.- Ansyen dwayen Lakou kasasyon an, Mèt Joseph Mecène Jean-Louis, mouri nan lanwit madi 6 pou louvri mèkredi 7 oktòb la, daprè sa youn nan pitit li anonse sou Fesbouk. Jij la mouri nan yon lopital Gonayiv akoz li te gen pwoblèm pou respire.

Mèt Joseph Mecène Jean-Louis fè tout karyè li nan sistèm jidisyè a ak inivèsitè ayisyen an. Li te avoka nan bawo Gonayiv, sibtiti komisè gouvènman epi jij . Li te rantre nan Lakou kasasyon nan lane 2011 pou jouk rive mwa fevriye 2021 . Mèt Mecène Jean-Louis te anseye nan Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la, yon antite li te dirije tou pandan plizyè lane.

Nan mwa fevriye 2021, yon pati nan opozisyon politik nan epòk la te chwazi Mèt Joseph Mecène Jean-Louis pou dirije yon tranzisyon akoz dezakò sou dire manda prezidan Jovenel Moise. Yon demach ki pat abouti. Prezidan Jovenel Moise ki te denonse jij la li di k ap vòlè tit te siyen yon arete prezidansyèl menm 8 fevriye a epi voye Joseph Mecène Jean-Louis nan retrèt.

Mèt Jean-Louis fèt nan vil Desalin, Latibonit. Li te gen 77 lane.

Kreyòl Enfo 

07/10/2026 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.