Kreyòl Enfo, 12 oktòb 2026.- Leta ayisyen atravè Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC, sig nan lang franse) kòmanse travay sou pwojè konstriksyon yon estad foutbòl modèn nan vil Okay, depatman Sid. Yon delegasyon ki te gen nan tèt li minis Pythagore Dumas te fè yon vizit enspeksyon nan Pak Lako, samdi 10 oktòb la, daprè yon kominike MJSAC. Sa fè dezyèm fwa rèsponsab Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik yo te vizite espas sa kote yo prevwa konstwi estad la .
Kominike MJSAC la fè kwè gouvènman an ap etidye tout posibilite pou pèmèt pwojè sa tounen yon reyalite. Premye minis Alix Didier Fils-Aimé « enplike nan rezoud yon konfli tè ki antranve fonksyònman Pak Lako depi anviwon 10 lane», toujou daprè kominike a.
Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik di gouvènman an vle konstwi yon estad ki respekte egzijans FIFA yo pou pèmèt seleksyon nasyonal nou yo resevwa match yo sou tè Ayiti.
Pou kounye a, pwojè a toujou nan etap evalyasyon. Pa gen okenn dat ki fikse pou kòmanse travay yo. Ministè a poko di tou ki kantite lajan pwojè sa ap koute ni konbyen moun estad sa ap ka resevwa.
Sa gen anviwon 10 lane depi seleksyon nasyonal yo pa jwe devan piblik ayisyen an akoz sèl grenn estad ki rèspekte egzijans FIFA yo, Estad Sylvio Cator, anba kontwòl bandi ki nan Viv Ansanm.
Kreyòl Enfo

