Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

EDIKASYON

ESPÒEDIKASYON

Duckens Nazon envesti tout prim li te resevwa pou Koupdimond la nan edikasyon 

by Kreyòl Enfo 06/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 6 oktòb 2026.- Atakan ayisyen an, Duckens Nazon, anonse li envesti tout lajan li te resevwa kòm prim pou kalifikasyon Ayiti nan Mondyal 2026 la nan yon pwojè edikatif. Grenadye a presize lajan sa deja al jwenn yon estrikti ki rele Skola, k ap travay nan zafè edikasyon Ayiti.

Nan mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, Duckens Nazon mande tout konpatriyòt ki gen posibilite pou ede Ayiti. Li siyale nenpòt kote yon moun ap viv, Ayiti oubyen nan peyi etranje, li kapab ede. Duckens Nazon kwè « Si chak moun mete men nan pat la selon mwayen yo, sa kapab pèmèt nou konstwi yon bagay ki pi gran pase nou ».

Foutbolè a di chanjman nou espere wè pou Ayiti a dwe kòmanse avèk nou. Se nan sans sa, li envite moun ki kapab yo pou envesti nan peyi a ak nan jenès la.

Duckens Nazon pa bay detay sou kantite lajan an ni ki rejyon nan peyi a ki pral benefisye pwojè edikatif sa. Nan lane 2022, grenadye a te ede plizyè fanmi konstwi kay pou yo rete aprè yon tranbleman tè ki te sakaje tout rejyon Sid peyi a.

Kreyòl Enfo

06/10/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.