Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

DYASPORA

ELEKSYONAKTYALITEDYASPORA

Yon delegasyon KEP a rive nan peyi Brezil pou obsève eleksyon 4 oktòb yo

by Kreyòl Enfo 30/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 30 septanm 2026.- Yon delegasyon ki soti nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ateri nan peyi Brezil pou obsève eleksyon ki pral òganize 4 oktòb k ap vini la a. Misyon sa rantre nan kad demach pou boukante eksperyans ak otorite brezilyen yo, daprè yon nòt KEP a pibliye.

2 konseye elektoral konpoze degasyon ki rive Brezil la : Patrick Saint-Hilaire ak Marie Florence Mathieu. Reprezantan KEP yo gen misyon pou swiv premye tou eleksyon jeneral yo k ap fèt pou pòs prezidan ak vis prezidan, gouvènè, senatè, depite federal ak depite pou chak Eta yo ak Distri Federal la.

Pandan misyon sa, delegasyon an ap rankontre divès otorite ak aktè elektoral nan peyi Brezil. Y ap genyen pou chanje enfòmasyon epi pran eksperyans k ap sèvi nan reyalizasyon eleksyon yo Ayiti, daprè Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Depi aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la peyi Brezil louvri pòt li pou akeyi imigran ayisyen. Enfòmasyon ki soti nan Polis Federal (PF) konfime gen anviwon 100 mil ayisyen k ap  Brezil.

Kreyòl Enfo

30/09/2026 0 comments
AKTYALITEDYASPORAEKONOMI

Gilbert Bigio, gwo zotobre nan sektè prive ayisyen an, mouri nan peyi Etazini

by Kreyòl Enfo 29/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 29 septanm 2026.- Biznismann ayisyen Gilbert Bigio mouri, jodi madi 29 septanm 2026 la, nan eta Florid, peyi Etazini. Fanmi biznisman nan ki konfime enfòmasyon an pou plizyè medya pa bay presizyon sou sikonstans lanmò  a. Fondatè GB Group la anpil obsèvatè konsidere kòm moun ki te gen plis lajan nan peyi a te pase plizyè dizèn lane nan tèt sektè prive ayisyen an.

Gilbert Bigio te konn envesti nan plizyè sektè tankou enèji, imobilye (konstwi kay pou vann), pwodwi alimantè, ponp gazolin, materyo konstriksyon, elatriye. Pò Lafito, nan depatman Lwès, se te youn nan pwojè Group Bigio.

Enpòtan pou nou raple nan mwa desanm 2022 peyi Kanada te pran plizyè sanksyon kont biznisman nan. Gouvènman kanadyen an te akize Gilbert Bigio kòm moun ki t ap itilize enfliyans li pou lave lajan sal epi tete lang ak gang k ap fè lalwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Lantèman Gibert Bigio, 91 lane, ap chante jedi premye oktòb, nan Hollywood, eta Florid.

Kreyòl Enfo

29/09/2026 0 comments
AKTYALITEDYASPORAKILTI

Nouyòk : Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre dyaspora a epi onore atis Carole Demesmin

by Kreyòl Enfo 21/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 septanm 2026 .- Pandan deplasman li nan peyi Etazini pou patisipe nan 81e Asanble Jeneral Òganizasyon tout nasyon yo ( ONU, sig nan lang franse), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pwofite rankontre kominote dyaspora ayisyen an nan Nouyòk. Pandan rankont sa, Alix Didier Fils-Aimé te salye prezans Carole Demesmin, yon zetwal nan kilti ayisyen an.

Premye Minis la raple Carole Demesmin se yon vwa ki make tout yon jenerasyon. Atis la kontinye ap pote, atravè zèv li, idantite, memwa ak richès kilti ayisyen an, toujou daprè chèf gouvènman an. Li souliye tou kontribisyon atis yo pote nan vann imaj Ayiti nan peyi etranje yo.

Se te lokazyon tou pou chèf Primati a te prezante priyorite gouvènman l lan bay kominote ayisyen an ki tabli nan Nouyòk, Etazini. Alix Didier Fils-Aimé fè kwè sekirite se pi gwo priyorite li genyen nan moman an. Li raple pwogram P4000 la ki vize ranfòse Lapolis, epi objèktif pou Fòs Lame Ayiti a gen 15 mil sòlda pandan 3 lane k ap vini la yo.

Premye Minis la di volonte li genyen tou pou gouvènman l ap dirije a òganize bon jan eleksyon epi retabli demokrasi nan peyi a. Alix Didier Fils-Aimé ankouraje dyaspora a rantre plis nan lavi ekonomik ak politik peyi a.

Kreyòl Enfo

21/09/2026 0 comments
DYASPORAENFÒMASYON

Repiblik Dominikèn : 5 ayisyen mouri nan yon aksidan machin zòn Baharona

by Kreyòl Enfo 31/08/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 31 dawout 2020.- Senk (5) sitwayen ayisyen mouri, dimanch 30 dawout pase a, epi twa (3) lòt blese byen grav nan yon aksidan machin sou wout Cabral-Polo a, nan pwovens Barahona.

Daprè enfòmasyon plizyè medya dominiken, aksidan sa rive nan moman yon kamyon mak Daihatsu, koulè blanch, ki t ap transpòte pasaje etranje te pèdi fren epi al chavire nan yon barank. Nan kamyon sa ki te genyen pou pi piti 30 ayisyen te chaje tou ak machandiz.

Reprezantan Ayiti nan konsila Baharona a nou te kontakte di yo poko konnen itantite konpatriyòt ki mouri yo.

Kreyòl Enfo

31/08/2020 0 comments
DYASPORA

Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal

by Kreyòl Enfo 21/05/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 me 2020 .- Fenel Saintilma, pwopriyetè konplèks « Fenel magazen » ki nan zòn metwopolitèn Santyago (Chili) blese anba bal bandi, 16 me pase a, anndan youn nan lokal antrepriz yo. Jèn antreprenè a pèdi anviwon 6 milyon peso chilyen ( 7 mil dola ameriken) pandan atak sa.

Daprè enfòmansyon viktim nan pataje ak redakasyon Kreyòl Enfo (KE), se 4 vòlè chilyen ki debake nan lokal konplèks « Fenel Magazen » epi rale zam sou tout anplwaye ak kliyan ki te nan espas la. Li eksplike  » bandi yo te tire plizyè katouch avan yo fouye tout moun ». Youn nan katouch yo pèse jarèt Fenel Saintima ki pase plizyè jou lopital ap pran laswenyay.

Antreprenè ayisyen an presize nan konplèks la gen biwo pou fè transfè lajan, pwodwi kosmetik, foto kopi ak Baber Shop. Fenel Magazen gen yon sèvis tou ki pèmèt moun peye dlo ak kouran. Bandi yo pran tout lajan ki te nan kès antrepriz yo.

Fenel Saintima, 36 lane, soti nan vil Wanament (Nòdès). L ap viv Chili depi nan lane 2008. Jèn antreprenè a gen yon lisans nan administrasyon.

Kreyòl Enfo

21/05/2020 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.