Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

EKONOMI

AKTYALITEDYASPORAEKONOMI

Gilbert Bigio, gwo zotobre nan sektè prive ayisyen an, mouri nan peyi Etazini

by Kreyòl Enfo 29/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 29 septanm 2026.- Biznismann ayisyen Gilbert Bigio mouri, jodi madi 29 septanm 2026 la, nan eta Florid, peyi Etazini. Fanmi biznisman nan ki konfime enfòmasyon an pou plizyè medya pa bay presizyon sou sikonstans lanmò  a. Fondatè GB Group la anpil obsèvatè konsidere kòm moun ki te gen plis lajan nan peyi a te pase plizyè dizèn lane nan tèt sektè prive ayisyen an.

Gilbert Bigio te konn envesti nan plizyè sektè tankou enèji, imobilye (konstwi kay pou vann), pwodwi alimantè, ponp gazolin, materyo konstriksyon, elatriye. Pò Lafito, nan depatman Lwès, se te youn nan pwojè Group Bigio.

Enpòtan pou nou raple nan mwa desanm 2022 peyi Kanada te pran plizyè sanksyon kont biznisman nan. Gouvènman kanadyen an te akize Gilbert Bigio kòm moun ki t ap itilize enfliyans li pou lave lajan sal epi tete lang ak gang k ap fè lalwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Lantèman Gibert Bigio, 91 lane, ap chante jedi premye oktòb, nan Hollywood, eta Florid.

Kreyòl Enfo

29/09/2026 0 comments
EKONOMIAKTYALITE

Wanament : CODEVI revoke 115 ouvriye paske yo t ap mande pi bon kondisyon travay

by Kreyòl Enfo 19/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 fevriye 2025 .– Konpayi Devlopman Endistriyèl moun plis konnen sou non « CODEVI » revoke 115 ouvriye ki t ap revandike pou pi bon kondisyon travay ak ogmantasyon salè. Youn nan viktim yo ki souliye li t ap travay nan pak endistriyèl sa depi plis pase 10 lane presize se nan yon mesaj vokal 115 ouvriye yo aprann yo pèdi travay yo.

Prezidan Santral Otonom Travayè Ayisyen yo (CATH, sig nan lang franse), Fignolé Saint-Cyr denonse konpòtman rèsponsab CODEVI yo. Sendikalis la eksplike sa ki pi grav la Konpayi Devlopman Endistriyèl revoke ouvriye yo sou baz atik 42 kòd travay la yon manyè pou l pa dedomaje yo.

Pou fòse rèsponsab CODEVI yo retounen sou desizyon yo, Santral Otonom Travayè Ayisyen yo anonse yon jounen grèv pou jedi 20 fevriye a. Fignolé Saint-Cyr mande tout ouvriye rèspekte jounen grèv sa. Li presize tout anplwaye yo ap siyen nòmalman, men yo pap travay.

CATH menase pou paralize CODEVI si rèsponsab yo pa retounen sou desizyon yo. Fignolé Saint-Cyr mande tout lòt sendika pote kole pou defann dwa ouvriye yo.

Malgre plizyè tantativ nan telefòn, redaksyon Kreyòl Enfo pat rive jwenn pozisyon reprezantan CODEVI yo sou dosye sa.

Kreyòl Enfo

19/02/2025 0 comments
EKONOMIUncategorized

Dola ameriken monte, lamizè blayi sou peyi a : Ayiti sou wout yon eklatman sosyal ?

by Kreyòl Enfo 30/01/2019
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 30 janvye 2019 .– Lamizè ogmante nan tout peyi a depi lè goud la pa sispann pèdi valè devan dola ameriken an, daprè obsèvasyon plizyè ekonomis.

Pwofesè Camille Charlmers ki t ap bat bouch sou sitiyasyon an ak yon gwoup jounalis di tout siyal yo montre Ayiti sou wout yon eklatman sosyal. Ekonomis Etzer Emile, li menm tou, panse peyi a ka tonbe nan yon gwo deblozay sosyal ak politik si otorite yo pa pran rèsponsabilite yo.

Plizyè sitwayen nan kapital la ki pale ak Kreyòl Enfo pa kache kòlè yo devan sitiyasyon malouk sa. Pi fò nan moun sa yo ki pa konn ki sen pou yo priye pou ede yo reziste anba lamizè a prevwa yon gwo latwoublay nan tout peyi a si anyen pa fèt pou redwi lamizè a.

Ayè madi 29 janvye a, yon moun te bezwen 81.50 goud pou yon dola vèt. Prèske chak jou 25 oubyen 50 santim ogmante sou kantite lajan yon moun bezwen pou achte yon dola ameriken. Nan mwa janvye 2018, yon moun te bezwen 64 goud pou yon dola.

Kreyòl Enfo

30/01/2019 0 comments
EKONOMI

Pwoblèm dlo, rekòt diri pèdi : lamizè anvayi Latibonit

by Kreyòl Enfo 11/01/2019
Kreyòl Enfo

Gonayiv, 11 janvye 2019.- Sitwayen nan divès komin nan depatman Latibonit la ap fè fas ak gwo difikilte nan kòmansman ane 2019 la.

Dedin, majistra prensipal la, Ernst Saint-Phard, rekonèt sitiyasyon lavi a konplike pou sitwayen komin nan. Majistra a eksplike pwoblèm dlo pou wouze jaden ak angrè lakoz peyizan yo pèdi plantasyon diri yo nan tout zòn nan.

Nan lokalite Basen, dezyèm seksyon Gonayiv, Kazèk Wisly Dessalines di lamizè ap taye banda nan kanton an. Kazèk la eksplike tout pwodwi yo chè epi sitwayen yo pa gen mwayen pou yo achte. Mete sou sa, prèske pa gen rekòt pandan sezon sa.

Sou inisyativ sendika chofè ak pwopriyetè moto Gonayiv, yon gwoup sitwayen pran lari, jedi 10 janvye a, pou rele kont lavi chè, grangou epi mande Leta bese pri gaz la.

Daprè yon rapò Bank mondyal, plizyè milyon ayisyen anba menas grangou.

Docteur Rolguy

11/01/2019 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.