Kreyòl Enfo, 18 fevriye 2025 .– Konpayi Devlopman Endistriyèl moun plis konnen sou non « CODEVI » revoke 115 ouvriye ki t ap revandike pou pi bon kondisyon travay ak ogmantasyon salè. Youn nan viktim yo ki souliye li t ap travay nan pak endistriyèl sa depi plis pase 10 lane presize se nan yon mesaj vokal 115 ouvriye yo aprann yo pèdi travay yo.
Prezidan Santral Otonom Travayè Ayisyen yo (CATH, sig nan lang franse), Fignolé Saint-Cyr denonse konpòtman rèsponsab CODEVI yo. Sendikalis la eksplike sa ki pi grav la Konpayi Devlopman Endistriyèl revoke ouvriye yo sou baz atik 42 kòd travay la yon manyè pou l pa dedomaje yo.
Pou fòse rèsponsab CODEVI yo retounen sou desizyon yo, Santral Otonom Travayè Ayisyen yo anonse yon jounen grèv pou jedi 20 fevriye a. Fignolé Saint-Cyr mande tout ouvriye rèspekte jounen grèv sa. Li presize tout anplwaye yo ap siyen nòmalman, men yo pap travay.
CATH menase pou paralize CODEVI si rèsponsab yo pa retounen sou desizyon yo. Fignolé Saint-Cyr mande tout lòt sendika pote kole pou defann dwa ouvriye yo.
Malgre plizyè tantativ nan telefòn, redaksyon Kreyòl Enfo pat rive jwenn pozisyon reprezantan CODEVI yo sou dosye sa.
Kreyòl Enfo




