Ofisyèl : Kanaval nasyonal la anile

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 fevriye 2025.– Nan yon kominike ki pote dat 17 fevriye 2025, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) anonse li anile kanaval nasyonal ane sa a ki te genyen pou òganize nan vil Fòlibète, depatman Nòdès. Yon desizyon otorite yo di yo pran akoz sitiyasyon sekirite a ki vin pi malouk nan peyi a.

 

Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an souliye nan kominike a, yo pran desizyon pou anile kanaval la sitou aprè anpil sitwayen pat kache enkyetid yo sou òganizasyon evènman an pandan ensekirite ap vale teren.

 

Toutfwa, gouvènman an presize chak rejyon ap toujou òganize pwòp aktivite kanaval yo yon manyè pou rèspekte tradisyon popilè a. Leta ayisyen pwomèt l ap soutni sektè kiltirèl la pou pèmèt atis yo kontinye fè tande vwa yo epi pouse kilti peyi a pi lwen.

Li tou  Nasyonzini : nan 6 mwa, plis pase 3 100 moun pèdi lavi yo anba bal nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la

Kreyòl Enfo

You may also like