Kreyòl Enfo, 13 novanm 2026.- Soti premye jiyè pou rive 30 septanm 2026, pou pi piti 1 167 moun pèdi lavi yo epi 459 lòt soti blese, daprè yon rapò Biwo integre Nasyonzini Ayiti (BINUH, sig nan lang franse). Gang yo rèsponsab plis pase 45% nan viktim yo. Anviwon 5% lòt viktim tou pandan entèvansyon Brigad vijilans yo.
Rapò BINUH an endike mwatye nan viktim yo mouri oubyen blese pandan operasyon fòs k ap konbat gang yo. Pafwa operasyon sa yo te fèt ak èd yon sosyete militè prive ki itilize anpil dwòn. Plis pase 16% viktim nan operasyon sa yo pat gen okenn lyen ak gang yo, daprè BINUH.
Nan Site Solèy, toujou soti premye jiyè pou rive 30 septanm, bandi ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm koupe tèt 19 moun anndan yon legliz, pami yo 12 granmoun fanm, nan kòmansman mwa dawout la. Nan komin Kenskòf, pou pi piti 105 moun pèdi lavi yo pami yo 19 timoun pandan 2 masak gang yo fè nan mwa jiyè ak mwa dawout.
Nasyonzini idantite 344 moun ki viktim kadejak anba bandi k ap fè lalwa nan divès katye popilè. Moun ki viktim kadejak yo te gen laj soti 8 pou rive 75 lane. Nan 77% ka yo se yon gwoup bandi ki vyole viktim nan.
Depi nan fen mwa oktòb la, plis pase 2 000 sòlda salvadoryen deplwaye Ayiti pou konbat gang yo. Pandan divès operasyon yo deja mennen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, militè peyi Salvadò yo kraze kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo nan Kwadèboukè epi rekipere estad Sylvio Cator ki te anba kontwòl gang yo depi plizyè lane.
Kreyòl Enfo
