Etazini :  » midterms », yon eleksyon ki ka chanje politik ameriken nan tout mond la

by Johnson DEROSIN

Kreyòl Enfo, 3 novanm 2026.- Madi 3 novanm sa se jou eleksyon mwatye manda (midterms) nan peyi Etazini. Se youn nan eleksyon ki pi desizif, pa sèlman pou pèp ameriken an, men tou pou lemond antye. Eleksyon mwatye manda yo pral detèmine konpozisyon yon nouvo Kongrè ( chanm depite) epi renouvle yon pati nan Sena a. Si previzyon ak sondaj yo tonbe daplon, Donald Trump riske pèdi kontwòl tou 2 chanm yo.

Jiska prezan, majorite sa a te pèmèt Trump fè pase kèk nan mezi ki pi kontwovèse li yo, tankou enpoze dwa ladwàn sou lòt peyi. Si li ta pèdi avantaj sa a, prezidan ameriken an riske vin tounen sa yo rele nan Washington yon « kanna bwete » , yon prezidan ki pèdi nan pouvwa reyèl li kote branch lejislatif la ka bloke l nan yon seri desizyon politik enpòtan.

Donald Trump deja anonse, si sa ta rive, li pral tounen « Mesye Veto », sa vle di li pral mete veto sou tout lwa Kongrè a vote. Sa ap tounen yon fason pou l deklare lagè ant branch gouvènman yo, nan lide pou l fòse yon akò politik. Nan yon sitiyasyon konsa, kote gen konfli ant branch egzekitif la ak branch lejislatif la, gen yon gwo risk pou peyi a tonbe nan yon blokaj politik pandan 2 lane ki rete nan manda Trump la.

Li tou  Grégory Saint-Hilaire, etidyan nan Lekòl Nòmal Siperyè, mouri anba bal yon ajan Inite Sekirite Palè Nasyonal

Se pou rezon menm eleksyon sa yo enpòtan anpil ni pou Etazini ni pou rès mond lan.

Johnson DEROSIN 

You may also like

Leave a Comment