IJAN : Otorite elektoral yo pa aksèpte dosye kandida Jean Ernst Muscadin

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 29 oktòb 2026.- Jean Ernest Muscadin, kandida pou pòs prezidans anba banyè pati Fòs Chanjman Nasyonal (FCN), pa rive depoze dosye kandidati li nan Biwo Elektoral Depatmantal (BED) pou depatman Lwès I a. Otorite elektoral yo di yo pa kapab aksèpte dosye komisè gouvènman Miragwàn nan paske li pa gen tout dokiman ki prevwa nan Atik 155 dekrè elektoral la.

Dosye Jean Ernst Muscadin an pa gen ladan l lèt kote li demisyone nan tèt pakè Miragwàn nan ni deklarasyon final taks li pou ane fiskal 2025–2026 la, daprè enfòmasyon yo.

2 dokiman sa yo nan lis pyès dekrè elektoral la egzije pou yon kandida depoze si li vle kandida pou vin prezidan peyi a. Avoka Jean Ernst Muscadin yo ki te prezan nan lokal BED la bay garanti komisè a ap kandida pou pòs prezidan nan eleksyon ki pwograme pou mwa jiyè 2027 yo.

Li tou  Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2

Plizyè santèn moun te akonpaye Jean Ernst Muscadin nan moman li ta pral depose pyès li nan BED Lwès I an.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment