Home ENSEKIRITEOkap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2

Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 11 jen 2020.- Plis pase yon douzèn kay pase anba flanm dife, jedi 11 jen an, nan zòn Shada 2 , yon katye nan vil Okap, depatman Nò. Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan dezyèm vil peyi a konfime se bandi ak zam ki mete dife nan kay sa yo.

Daprè temwayaj pwopriyetè youn nan kay ki boule yo, se bandi nan katye Nan Bannann ki anvayi Shada 2 epi mete dife nan kay yo. Sitwayen an di bandi Nan Bannann yo ta sèvi ak enfòmansyon lapolis nan vil Okap te bay pandan jounen pou komèt zak sa. Pandan yon konferans pou laprès, rèsponsab polis nan depatman Nò a te anonse yo rive touye yon bandi epi arete 16 lòt nan katye Shada 2.

»   Soti janvye pou rive mwa mas, 13 polisye mouri anba bal bandi

Anpil kout zam otomatik ap chante nan divès katye vil Okap pandan tout jounen an. Sa ki te bay anpil difikilte pou sèvis ponpye rantre Shada 2 al tenyen dife a.

Li tou  Ijan : ansyen depite Arnel Belizaire jwenn arèstasyon li nan vil Jakmèl

Depi ayè mèkredi a, gwo eskonbrit pete nan vil Okap kote 2 gwoup gang ap twoke kòn yo. Pou pi piti 3 moun gentan mouri pami yo yon ajan UDMO.

You may also like

Leave a Comment