Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

ENSEKIRITE

AKTYALITEENSEKIRITE

Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

by Kreyòl Enfo 21/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 oktòb 2026.- Nan yon mesaj li pibliye sou X ( Twitter), prezidan Salvadò a menesa pou fini ak gang yo Ayiti menm jan li fè l nan peyi Salvadò. Nayib Bukele konseye bandi yo pou pa pran pawòl li yo pou menas anlè. Li di « si yo remèt 4 sòlda salvadoryen yo vivan, tout bagay ap retounen jan yo te ye avan kidnaping nan.»

Nan mesaj sa li pibliye nan lang kreyòl, prezidan Bukele souliye 4 sòlda ki disparèt yo pa konbatan. Li presize « yo se teknisyen nan domèn avyasyon » ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo (FRG, sig nan lang franse). Kontenjan ki soti Salvadò a genyen «sèlman pilòt ak pèsonèl teknik, ki gen kòm travay prensipal fè evakyasyon medikal epi sove lavi moun, pa fè lagè», toujou daprè Nayib Bukele.

Li eksplike bandi « kidnape sòlda yo nan yon fason lach pandan yo t ap retounen aprè yo te fin achte manje nan yon makèt nan zòn nan. Se poutèt sa, jodi a nou te lanse yon operasyon militè pou pote yo sekou. Nou gen yon sèl objektif : fè kat konpatriyòt nou yo retounen lakay yo vivan, san okenn mal»

Nayib Bukele di li vle chèf gang yo konprann atak jodi a pa anyen devan sa k ap vini si yo pa remèt kat otaj yo vivan. Prezidan an ki raple li deja fini ak fenomèn gang la nan peyi Salvadò, di li « kapab fini » ak li tou Ayiti.

Toutfwa, prezidan Bukele di gang yo toujou gen tan pou evite sa si yo remèt li 4 sòlda yo vivan.

Kreyòl Enfo

21/10/2026 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITE

4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

by Kreyòl Enfo 19/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 19 oktòb 2026 .- Kat (4) sòlda peyi Salvadò ki deplwaye Ayiti nan kad operasyon Fòs pou konbat Gang yo (FRG, sig nan lang franse) disparèt, depi ayè dimanch 18 oktòb la, nan zòn  Laplèn, komin Kwadèboukè.  Nan yon kominike, Lame peyi Salvadò ki konfime enfòmasyon an presize sòlda yo te pran nan yon zatrap (anbiskad) yon gwoup bandi te tann pou yo pandan yo t ap rantre nan baz nan yon machin blennde.

Gwoup kriminèl yo te itilize zam ak lòt aparèy eksplozif pou pyeje sòlda yo epi mete dife nan machin nan, daprè kominike a. Kominike Lame presize a presize sòlda yo te reyisi soti nan machin nan epi boukante anpil kout bal ak bandi yo.

Depi yèswa, Fòs pou Konbat Gang yo te voye elikoptè epi deplwaye yon gwoup sòlda atè pou soutni sòlda salvadoryen yo. Sepandan, bandi yo rive touche elikoptè a epi fòse fòs lòd yo repliye. Afwontman yo ta pral repann kèk èd tan aprè.

Fòs pou Konbat Gang yo ki anonse y ap kontinye ak operasyon pou rekipere sòlda yo mande abitan k ap viv nan zòn Laplèn rete lakay yo pou yo pa viktim. Kominike Lame Salvadò a pa presize si yo rive lokalize sòlda yo.

Kreyòl Enfo

19/10/2026 0 comments
ENSEKIRITEAKTYALITE

Nasyonzini : nan 6 mwa, plis pase 3 100 moun pèdi lavi yo anba bal nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la

by Kreyòl Enfo 08/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 8 oktòb 2026.- Nan yon rapò ki pibliye mèkredi 7 oktòb la, yon gwoup ekspè nan Òganizasyon Nasyonzini (ONI) revele soti oktòb 2025 pou rive avril 2026, 3165 moun pèdi lavi yo akoz vyolans gang yo. 375 lòt sitwayen soti blese anba bal tou pandan peryòd sa.

Rapò ekspè yo souliye 613 nan viktim yo soti nan komin Site Solèy. Gen anpil moun ki viktim tou pandan gang yo ap boukante kout bal ak lapolis, daprè Nasyonzini. Plizyè milye moun kouri kite kay yo tou nan zòn ki anba kontwòl bandi yo.

Mete sou moun ki mouri ak blese yo, bandi yo plede fè kadejak tou sou fanm ak tifi nan divès katye. Ekspè yo siyale gang yo kontwole 70% nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Òganizasyon Nasyonzini lonje dwèt sou plizyè ansyen palmantè ki ta nan kòkòday ak bandi k ap fè san koule nan peyi a. Pami palmantè sa yo genyen ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine.

Kreyòl Enfo

08/10/2026 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITE

Akayè : yon gwoup nèg ak zam anvayi mache a, otorite yo anonse dispozyon pou retabli lòd 

by Kreyòl Enfo 26/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 septanm 2026.- Yon gwoup nèg ak zam anvayi mache Akayè a epi kòmanse teworize machann yo ak lòt manm nan popilasyon an, daprè yon kominike konsèy minisipal la pataje jodi samdi 26 septanm nan. Endividi sa yo ap egzije machanm yo peye lajan pou yo ka kite yo vann nan mache a.

Ajan egzekitif Wilner Réné ki denonse prezans nèg ak zam sa yo nan mache kominal la mande tout moun rete kalm. Li mande sitwayen yo pa fè okenn aksyon ki ka agrave sitiyasyon an.

Wilner Réné anonse meri a nan tèt kole ak Polis Nayonal Ayiti a ap pran dispozisyon pou retabli lòd, sekirite ak lapè nan mache a. Li raple tout resèt mache a dwe rantre nan kontabilite meri a epi sèvi pou amelyore kondisyon lavi moun yo nan komin nan.

Konsèy minisipal Akayè a di li pran angajman pou defann enterè komin nan epi travay pou ranfòsman sèvis piblik yo nan respè lalwa.

Kreyòl Enfo

26/09/2026 0 comments
ENFÒMASYONAKTYALITEENSEKIRITE

Kenskòf : Lapolis rekipere plizyè lokalite ki te anba kontwòl bandi

by Kreyòl Enfo 26/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 septanm 2026.- Ajan nan divès inite nan Polis Nasyonal Ayiti a ( PNH, sig nan lang franse) ap mennen yon seri operasyon nan komin Kenskòf, depatman lwès, depi semèn pase a, daprè enfòmasyon ajan egzekitif Massillon Jean konfime. Premye sitwayen Kenskòf la fè kwè fòs lòd yo deja rekipere plizyè lokalite nan komin nan pami yo « Bwa Avril ».

Prezidan konsèy kominal la di gen plizyè bandi nan gang « Didi » ap dirije a ki tonbe pandan yo t ap boukante kout bal ak lapolis. Massillon Jean mande Fòs Lame Ayiti a (FAd’H, sig nan lang franse) apiye Polis Nayonal la epi okipe espas ki libere yo.

Move kondisyon wout yo se youn nan gwo difikilte ajan fòs lòd yo rankontre pandan operasyon yo, daprè ajan egzekitif la. Li mande pou ministè travo piblik voye yon ekip teknik pou netwaye wout yo yon manyè pou pèmèt polisye yo atake bandi yo pi fasil.

Mwa pase a, bandi ak zam ki nan òganizasyon teworis Viv Ansanm fè plizyè masak nan vil Kenskòf ak lokalite ki viwonnen l yo. Pandan masak sa yo, pou pi piti 164 moun pèdi lavi yo, daprè yon rapò ankèt Rezo Nasyonal Dwa Moun yo ( RNDDH, sig nan lang franse).

Kreyòl Enfo

26/09/2026 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITEPOLITIK

Baradè : ansyen depite Clément Dupner mouri, otorite yo anonse yon ankèt

by Kreyòl Enfo 24/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 24 septanm 2026.-  Sitwayen nan komin Baradè, nan depatman Nip, dekouvri maten jedi a (24) kadav ansyen depite Dupner Clement nan lakou lakay li. Jij depè Ociel Josaphat ki te fè konsta legal yo siyale te gen san nan bouch viktim epi atè bò kote kadav la.

Aprè analiz yon medsin ak yon enfimye, jij depè a te bay lòd pou leve kadav la epi al mete l nan mòg. Otorite nan depatman Nip la anonse ouvèti yon ankèt pou fè limyè sou sikonstans ansyen palmantè a pèdi lavi l.

Dupner Clement anpil moun konnen sou non « Kafou” te reprezante sikonskripsyon Baradè – Gran Boukan nan 49e lejislati a. Enfòmasyon kèk pwòch ansyen palmantè pataje ak Kreyòl Enfo konfime Dupner Clement t ap prepare l pou al kandida nan eleksyon ki ta dwe fèt 13 desanm k ap vini la a.

Kreyòl Enfo

24/09/2026 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYONENSEKIRITE

Ensekirite : Bandi kidnape 5 elèv lekòl, 3 nan yo soti nan yon sèl fanmi

by Kreyòl Enfo 18/09/2026
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 18 septanm 2026.- Bandi ak zam k ap fè lalwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la fè dappiyanp sou 5 elèv lekòl, maten vandredi a (18), nan ri Lamatinyè, Bwa Vèna, Pòtoprens. Pami timoun zagoloray yo kidnape yo gen 3 ki soti nan yon sèl fanmi, daprè enfòmasyon yon temwen pataje ak yon kolaboratè Kreyòl Enfo.

Temwen an ekplike se pandan li te kanpe epi britsoukou li wè yon machin kanpe bò lari a, 2 nèg desann ak gwo zam fanm fwa epi egzije plizyè elèv monte nan machin nan. Li konfime pami elèv sa yo 3 se manm yon sèl fanmi.

Malgre otorite te anonse plizyè milye polisye deplwaye nan kapital lá pou garanti sekirite elèv lekòl yo, kriminèl yo deja kidnape pou pi piti 10 timoun pandan sèlman 2 semèn depi ane lekòl la kòmanse.

Kreyòl Enfo

18/09/2026 0 comments
ENSEKIRITEAKTYALITE

Yon ofisye kenyen tonbe anba bal bandi nan Latibonit

by Kreyòl Enfo 24/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 23 fevriye 2025 .– Yon premye sòlda nan Misyon miltinasyonal k ap apiye sekirite Ayiti a (MMSS) tonbe anba bal bandi, dimanch 23 fevriye a, nan zòn Savyen, depatman Latibonit. Sòlda ki mouri a te soti nan peyi Kenya, daprè sa Misyon an presize nan yon kominike.

Viktim nan te resevwa plizyè bal pandan yon operasyon ajan polis nasyonal Ayiti a nan tèt kole ak ofisye fòs MMSS la t ap mennen kont bandi yo nan lokalite Segi , zòn Savyen. Otorite yo te gentan kouri ak ofisye blese a nan elikoptè pou mennen li al pran laswenyay nan Lopital Nivo 2, nan Aspèn. Malerezman, sòlda a pat ka reziste anba blesi yo, li rann dènye souf li, toujou daprè eksplikasyon ki nan kominike a.

Misyon miltinasyonal k apiye sekirite Ayiti a te kòmanse deplwaye sou tèren an depi mwa jen 2024. Malgre anpil pwomès, misyon sa ki konpoze ak sòlda epi polisye ki soti nan plizyè peyi poko kapab ede frennen machin ensekirite a ki pa sispann krabinen sitwayen nan divès rejyon.

Kreyòl Enfo

24/02/2025 0 comments
ENSEKIRITEAKTYALITE

Kenskòf : yon sòlda ayisyen ak yon ajan BSAP tonbe anba bal bandi

by Kreyòl Enfo 17/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 16 fevriye 2025 .– Bandi k ap feraye nan gwoup kriminèl « Viv Ansanm » atake komin kenskòf douvanjou dimanch 16 fevriye 2025 la. Pandan atak sa zagoloray yo touye yon sòlda nan fòs lame Ayiti a ak yon ajan Brigad sekirite zòn pwoteje yo ( BSAP, sig nan lang franse).

Pòt pawòl polis nasyonal la, Lionel Lazarre, ki konfime enfòmasyon an souliye viktim yo t ap sekirize yon « pozisyon estratejik » ki rele Baz Teleko nan moman bandi yo te simen katouch epi wete lavi yo. De (2) lòt sòlda nan lame Ayiti a soti blese tou pandan atak sa.

Rèsponsab polis la ki pat bay presizyon sou idantite viktim yo fè kwè fòs lòd yo rive chase bandi yo ki te okipe Baz Teleko a. Enpòtan poun presize gen anpil materyèl telekominikasyon sitou antèn radyo ak televizyon nan pozisyon sa.

Depi nan kòmansman ane 2025 la, gwoup kriminèl Viv Ansanm ap tante pran kontwòl komin Kenskòf. Yon sitiyasyon ki deja lakoz plis pase 50 moun pèdi lavi yo anba bal asasen yo.

Kreyòl Enfo

17/02/2025 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYONSOSYETE

Legliz katolik deside fèmen pòt lekòl, Inivèsite, sonnen klòch epi chante mès pou denonse fenomèn kidnaping la

by Kreyòl Enfo 14/04/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 14 avril 2021.- Legliz Katolik endiye aprè dapiyanp bandi 400 Mawozo yo fè, dimanch pase a, sou yon gwoup relijye pandan yo ta pral asiste enstalasyon pè Jean Anèl Joseph kòm kire pawas Galèt Chanbon. Legliz la presize gen 4 pè ak 2 sè katolik epi 3 lòt relijye ki anba men bandi yo. 2 pami viktim yo se sitwayen fransè.

Nan yon nòt ki pibliye madi 13 avril la, konferans evèk yo mande pou tout lekòl, inivèsite ak tout lòt enstitisyon ki pou legliz katolik rete ak pòt yo fèmen jou k ap jedi 15 avril 2021 an. Evèk yo anonse tout klòch legliz nan tout peyi a ap sonnen nan lè midi jedi 15 avril la tou nan lide yo di pou mande Bondye chanjman pou Ayiti.

Tout evèk katolik yo ap reyini nan legliz Sen Pyè ki nan komin Petyonvil pou selebre yon mès nan lè midi, jedi 15 avril la, toujou daprè sa ki ekri nan nòt la.

Bandi ki nan gang 400 Mawozo yo egzije yon milyon dola vèt pou libere relijye yo.

Kreyòl Enfo

14/04/2021 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.