Ensekirite : Bandi kidnape 5 elèv lekòl, 3 nan yo soti nan yon sèl fanmi

by Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 18 septanm 2026.- Bandi ak zam k ap fè lalwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la fè dappiyanp sou 5 elèv lekòl, maten vandredi a (18), nan ri Lamatinyè, Bwa Vèna, Pòtoprens. Pami timoun zagoloray yo kidnape yo gen 3 ki soti nan yon sèl fanmi, daprè enfòmasyon yon temwen pataje ak yon kolaboratè Kreyòl Enfo.

Temwen an ekplike se pandan li te kanpe epi britsoukou li wè yon machin kanpe bò lari a, 2 nèg desann ak gwo zam fanm fwa epi egzije plizyè elèv monte nan machin nan. Li konfime pami elèv sa yo 3 se manm yon sèl fanmi.

Malgre otorite te anonse plizyè milye polisye deplwaye nan kapital lá pou garanti sekirite elèv lekòl yo, kriminèl yo deja kidnape pou pi piti 10 timoun pandan sèlman 2 semèn depi ane lekòl la kòmanse.

Li tou  Sid : sitiyasyon an konplike depi aprè tranbleman tè 14 dawout la, OSET mande sekou pou timoun yo

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment