Kreyòl Enfo, 31 oktòb 2026.- Yon òganizasyon ayisyen nan dyaspora a mande Nasyonzini bloke operasyon Salvadò ap prepare kont gang yo nan zòn Kwadèboukè . Nan yon lèt tou louvri li voye bay Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, Òganizasyon dyaspora sa ki rele » Nasyonzini -Ayiti » di yon dividal inosan pami yo anpil timoun deja pèdi lavi yo anba bonb lame Salvadò nan komin Kwadèboukè.
Nasyonzini-Ayiti ki gen nan tèt li Harvey Dupiton di depi 22 oktòb lame Salvadò a itilize elikoptè atak ak gwo zam lagè pou touye sivil nan divès katye pami yo zòn Kanaran. Òganizasyon dyaspora ayisyen sa fè kwè se anba kabann fanmi yo genyen nan Kwadèboukè ap dòmi akoz operasyon sòlda salvadoryen yo.
Yon seri akizasyon prezidan Salvadò a voye jete byen lwen. Sou X (Twitter), Nayib Bukele presize òganizasyon « Nasyonzini-Ayiti » te gentan ekri lèt sa yon jou avan menm premye elikoptè lame Salvadò a te rive Ayiti. Prezidan Bukele eksplike non sèlman yo pa gen bonb, men tou elikoptè atak lame Salvadò yo poko fè menm yon grenn atak kont gang yo nan Kwadèboukè.
Nasyonzini-Ayiti a se yon òganizasyon nan dyaspora ayisyen k ap fè « lobby » pou kriminèl ak gang epi ki pran pòz se yon òganizasyon imanitè, daprè Nayib Bukele.
Plis pase 2000 sòlda salvadoryen deja deplwaye Ayiti pou prepare operasyon chèche 4 sòlda bandi te kidnape depi 18 oktòb pase a. Yon inisyativ prèske tout ayisyen ap kote.
Kreyòl Enfo
