Aprè li fin pèdi eleksyon an, Flávio Bolsonaro kouri kite Brezil pou rantre Etazini

by Johnson DEROSIN

Kreyòl Enfo, 27 oktòb 2026 .- De (2) jou sèlman aprè li fin pèdi eleksyon prezidansyèl yo devan Luiz Inácio Lula da Silva, Senatè Flávio Bolsonaro kouri kite Brezil pou rantre Etazini. Ansyen kandida pou pòs prezidan an kite Brezil ansanm ak madanm li, Fernanda Bolsonaro, epi 2 pitit fi li yo, daprè CNN Brasil.

Ayè lendi a, jij nan Siprèm Tribinal Federal Alexandre de Moraes te pase Flávio Bolsonaro lòd pou remèt paspò li bay Polis Federal epi entèdi l kite Brezil. Daprè enfòmasyon plizyè medya, Flávio Bolsonaro pa remèt paspò a, li gentan travèse fwontyè Ajantin epi pran avyon pou Etazini.

Lajistis nan peyi Brezil ap mennen ankèt sou 2 dosye kote non Flávio Bolsonaro parèt. Nan youn nan dosye yo, otorite jidisyè yo sispèk ansyen kandida a ta ap lave lajan sal atravè yon platfòm ki fè paryaj espòtif. Senatè a nan mitan yon ankèt tou sou finansman film Dark Horse, yon pwodiksyon ki ap rakonte istwa papa l, Jair Bolsonaro.

Li tou  Ayiti-politik : yon minis Tèt Kale pwovoke gwo latwoublay nan Lakoudèkont

Washington ta dwe bay Flávio Bolsonaro viza pou li menm ak rès manm fanmi an, daprè enfòmasyon yon otorite amerikèn konfime pou jounal O Globo. Depite Eduardo Bolsonaro, frè Flávio Bolsonaro, te deja abandone manda l pou rete viv Etazini nan lide pou fè « lobby » bò kote administrasyon Trump la.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment