4 moun mouri, 2 disparèt, anpil kay kraze : bilan pwovizwa move tan k ap frape peyi a

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 28 oktòb 2026.- Pou pi piti 4 moun mouri, 2 disparèt epi 3 lòt soti blese akoz move tan k ap frape peyi a pandan denyè jou sa yo, daprè yon bilan pwovizwa Direksyon Pwoteksyon Sivil pataje ak Kreyòl Enfo. Rèsponsab yo presize 2 nan moun ki mouri yo t ap viv nan depatman Nip, youn nan Sid epi youn nan Grandans.

Moun ki disparèt yo se 2 pechè nan depatman Grandans. Gen 3 lòt moun ki blese tou pandan move tan sa, toujou daprè bilan pwovizwa Direksyon Pwoteksyon Sivil.

Lapli k ap tonbe san rete nan divès depatman lakoz anviwon 850 kay kraze, 219 andomaje epi plis pase 2130 kay inonde. Nan Grandans, yon glisman tè bloke wout nasyonal nimewo 7 la (RN7).

Li tou  Pou yon plat manje, yon ti ayisyen pase 12 mwa nan prizon; entènot yo revòlte

Larivyè k ap desann ravaje jaden epi bwote bèt peyizan yo tou nan depatman Nip, Grandans ak Sid. Plizyè obsèvatè kwè katastwòf ki frape rejyon Sid peyi a pral ogmante lamizè nan zòn nan kote sitwayen yo te deja ap viv nan kondisyon difisil.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment