Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026.- Ansyen dwayen Lakou kasasyon an, Mèt Joseph Mecène Jean-Louis, mouri nan lanwit madi 6 pou louvri mèkredi 7 oktòb la, daprè sa youn nan pitit li anonse sou Fesbouk. Jij la mouri nan yon lopital Gonayiv akoz li te gen pwoblèm pou respire.
Mèt Joseph Mecène Jean-Louis fè tout karyè li nan sistèm jidisyè a ak inivèsitè ayisyen an. Li te avoka nan bawo Gonayiv, sibtiti komisè gouvènman epi jij . Li te rantre nan Lakou kasasyon nan lane 2011 pou jouk rive mwa fevriye 2021 . Mèt Mecène Jean-Louis te anseye nan Lekòl dwa ak syans ekonomik Gonayiv la, yon antite li te dirije tou pandan plizyè lane.
Nan mwa fevriye 2021, yon pati nan opozisyon politik nan epòk la te chwazi Mèt Joseph Mecène Jean-Louis pou dirije yon tranzisyon akoz dezakò sou dire manda prezidan Jovenel Moise. Yon demach ki pat abouti. Prezidan Jovenel Moise ki te denonse jij la li di k ap vòlè tit te siyen yon arete prezidansyèl menm 8 fevriye a epi voye Joseph Mecène Jean-Louis nan retrèt.
Mèt Jean-Louis fèt nan vil Desalin, Latibonit. Li te gen 77 lane.
Kreyòl Enfo


