Home ENFÒMASYONIJAN : 5 polisye ki t ap siveye kay Mèt Monferrier Dorval yo fèmen penitansye ak tout inifòm

IJAN : 5 polisye ki t ap siveye kay Mèt Monferrier Dorval yo fèmen penitansye ak tout inifòm

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 11 septanm 2020.- Chèf pakè Pòtoprens la, Mèt Ducarmel Gabriel, pase lòd, jodi vandredi a (11), pou fèmen nan penitansye nasyonal senk (5) polisye ki t ap siveye kay batonye Monferrier Dorval, Peleren 5, aprè asasina 28 dawout pase a.

Malgre plizyè tantativ redaksyon Kreyòl Enfo (KE), pakè Pòtoprens poko bay twòp detay sou rezon ki pouse Mèt Ducarmel Gabriel voye polisye yo fèmen nan penitansye nasyonal.

Plizyè polisye denonse desizyon komisè gouvènman Pòtoprens la yo di pa respèkte enstitisyon lapolis la. Lidè politik nan opozisyon an ki deja reyaji sou dosye kwè se yon estrateji pouvwa a ap itilize pou kache idantite prensipal moun ki komèt krim nan.

Li tou  Entènasyonal : eksplozyon nan peyi Liban, plis pase 100 moun mouri epi 4 000 lòt blese

Senk (5) polisye komisè gouvènman an fèmen nan prizon yo se Dodley Pierre, Mackenson Cléus, Mackenson Prévil, Angou M. Orcel ak Sénèque Jean Louis.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment