Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Lanmò

Lanmò : Ernst Jean Joseph, youn nan ewo seleksyon 1974 la, mouri britsoukou

👤 Kreyòl Enfo 15/08/202015/08/2020
Kreyòl Enfo 15/08/202015/08/2020

Kreyòl Enfo, 15 dawout 2020.- Dèy nan mitan foutbòl ayisyen an. Defansè Ernst jean Joseph moun plis konnen sou non « Tinès » ki te patisipe nan Koupdimond foutbòl 1974 la ak seleksyon nasyonal la mouri, maten vandredi 14 dawout 2020 an, lakay li nan komin Pòtoprens. Daprè enfòmasyon Kreyòl Enfo konfime, Tinès mouri britsoukou, san li pat kouche malad.

Ernst Jean Joseph te jwe nan Asosyasyon Espòtiv Kapwaz (ASC, sig nan lang franse) ak Vyolèt Atletik Klèb (VAC). Li te pote tou koulè ekip « Sting de Chicago », yon klèb dezyèm divizyon nan peyi Etazini.

Foutbolè ayisyen an ki te gen 72 lane rann dènye souf li aprè « yon senp ti malèz », daprè yon pwòch fanmi an. Li eksplike Ernst Jean Joseph te gentan manje epi bay blag ak kèk moun nan lantouray li avan li mouri.

»   Foutbòl : akoz latwoublay politik, Ayiti oblije resevwa Kostaria nan peyi Bahamas

Tinès se te yon pilye nan gwo seleksyon nasyonal foutbòl ki jwe mondyal 1974 la nan peyi Almay. Yon seleksyon ki make listwa foutbòl ayisyen an. Plizyè pèsonalite ak asosyasyon nan sektè espò a reklame fineray nasyonal pou Ernst Jean Joseph yo konsidere kòm pi gran « libero » nan listwa foutbòl ayisyen an.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Ernst Jean JosephfoutbòlGrenadyeMondyal 1974Tinès
Kreyòl Enfo

Anvan
Jij depè Wifrid Lariviere maspinen grefye Yolette Forent nan komin Tomond
Aprè
Sant Emmanuel Charlemagne, yon espas kiltirèl modèn k ap kontwi nan komin Kafou

ou ka enterese

Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri...

14/01/2021

NBA-Lanmò : Jerry Sloan, ansyen antrenè Utah Jazz,...

23/05/2020

IJAN : Mèt Gérard Gourgue mouri sou kabann...

04/12/2020

Lanmò : Diego Armando Maradona, 60 lane, mouri...

25/11/2020

Yon ajan USGPN mouri anndan lokal Palè nasyonal

21/05/2020

Lanmò-Sidès : yon kòdonatè kazek mouri nwaye nan...

12/09/2020

Jean Mary Aristhène Moussignac, papa patwon Radyo karayib...

09/06/2020

Lanmò : yon manm nan Konsèy elektoral pwovizwa...

22/02/2021

Mèt Salnave Exantus, rèsponsab nan Achiv nasyonal, mouri...

02/06/2020

Lanmò : ansyen depite Jakmèl Patrick Domond mouri...

21/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
    Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
  • RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
    RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
  • IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
    IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
  • Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
    Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
  • Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
    Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
  • Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
    Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
  • Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
    Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
  • Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly ak Roro Nelson
    Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly ak Roro Nelson
  • Lapolis kraze "sit-in" devan ministè jistis la, Nou Pap Dòmi mande popilasyon an leve kanpe
    Lapolis kraze "sit-in" devan ministè jistis la, Nou Pap Dòmi mande popilasyon an leve kanpe
  • "Car Wash" nan ri lantèman : yon moun mouri, plizyè lòt blese anba bal
    "Car Wash" nan ri lantèman : yon moun mouri, plizyè lòt blese anba bal

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.