Home ENFÒMASYONEntènasyonal : eksplozyon nan peyi Liban, plis pase 100 moun mouri epi 4 000 lòt blese

Entènasyonal : eksplozyon nan peyi Liban, plis pase 100 moun mouri epi 4 000 lòt blese

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 5 dawout 2020.- Lakwa Wouj nan peyi Liban konfime nan yon dènye bilan maten mèkredi a (5) plis pase 100 moun mouri epi 4 mil lòt blese pandan 2 eksplozyon nan kapital peyi a, Beywout, ayè madi a. Ensidan sa rive tou pre pò vil la kote ki gen anpil gwo depo.

Prensipal lopital Beywout yo debòde ak viktim ki vin bouske laswenyay, daprè yon rèsponsab Lakwa Wouj. Li souliye youn nan pi gwo lopital vil la, St George Hospital, oblije fèmen pòt li epi voye malad yo lòt kote aprè dega eksplozyon yo fè nan lokal enstitisyon an.

Plizyè lòt lopital sibi gwo konsekans tou nan eksplozyon sa yo, pami yo Bikhazi Medical Group ki gen sèlman 60 kabann pou anviwon 500 malad, daprè plizyè medya lokal. Divès peyi nan rejyon an pwomèt vou voye medikaman ak pwofesyonèl lasante bay bourad ak otorite libanè yo.

Li tou  San Ikrèn, ameriken ak ris chita pale nan peyi Arabisawoudit

Premye enfòmasyon yo fè kwè ensidan sa rive nan yon depo ki te genyen nitrat amonyòm. Otorite libanè yo monte yon komisyon espesyal pou mennen ankèt epi fè tout limyè sou eksplozyon sa yo nan yon delè 5 jou.

 

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment