
Kreyòl Enfo, 16 fevriye 2025 .– Sekretè Leta ameriken an, Marco Rubio, rankontre jodi dimanch la ak Premye minis Izrayèl la, Benjamin Netanyawou, pandan premye vizit li nan rejyon Mwayèn Oryan an. Pandan vwayaj sa k ap dire plizyè jou, prensipal diplomat ameriken an ap vizite tou Arabisawoudit ak Emira Arab Ini.
Konfli Izrayèl ak Palestin nan te nan mitan diskisyon yo. Sekretè Leta ameriken an deklare « Hamas dwe elimine, mouvman islamis la pa dwe kontinye dirije Gaza ». Pandan yon konferans pou laprès nan vil Jerizalèm, Marco Rubio kontinye pou l di « fòs militè Hamas la merite detwi ».
Chèf diplomasi ameriken an vizite Izrayèl kèk jou sèlman aprè prezidan ameriken an, Donald Trump, te anonse li pral transfere popilasyon palèstin k ap viv Gaza a nan lòt peyi epi rekonstwi espas la anba kontwòl Etazini. Yon plan ki jwenn aplodisman izrayelyen yo, men peyi arab yo ak òganizasyon entènasyonal yo voye jete byen lwen.
Kreyòl Enfo


