
Kreyòl Enfo, 25 novanm 2020.- Pi gran jwè nan listwa foutbòl peyi Ajantin nan, Diego Armando Maradona, mouri jodi mèkredi a (25) lakay li nan vil Tigre. Daprè jounal Clarín, zetwal foutbòl mondyal la rann dènye souf li aprè yon pwoblèm nan kè.
Diego Maradona te fè yon operasyon nan sèvo nan kòmansman mwa novanm nan. Uit (8) jou aprè operasyon an medsen yo te libere «pibe de ouro» a pou retounen lakay li. Doktè Leopoldo Luque fè kwè operasyon an te byen senp, men li te preyokipe pou kondisyon sante ansyen foutbolè a ki te deja frajil. Chanpyon mondyal nan lane 1986, Maradona mouri malgre pwòch fanmi an te anonse semèn pase a pa gen okenn menas sou lavi vedèt la.
Diego Armando Maradona, 60 lane, make listwa foutbòl sitou aprè 2 gòl li te make kont Angletè a. Imaj youn nan gòl yo te fè laviwonn tout mond la sou non » men Bondye ( la main de Dieu) ». Lòt gòl la, kote Maradona te drible mwatye nan ekip anglè a (ak tout gadyen an), te ranpòte, nan lane 2002, pri FIFA pou pi bèl gòl nan listwa Koupdimond.
Maradona te jwe tou mondyal 1982,1990 ak 1994. Nan lane 2010, lejand foutbòl la te dirije seleksyon Ajantin nan pandan Mondyal ki te dewoule sou kontinan afriken an.
Kreyòl Enfo