Home ENFÒMASYONDèlma : plizyè moun mouri nan yon ti otèl delma 19

Dèlma : plizyè moun mouri nan yon ti otèl delma 19

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 desanm 2020.- Sitwayen nan zòn delma 19 leve jwenn maten 18 desanm 2020 an plis pase 3 moun mouri nan yon ti otèl ki pote non « Ti nich ».

Selon enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo, ta sanble moun sa yo ki te nan otèl sa a mouri ak pwazon. Yon tèz ki poko verifye bò kote otorite yo.

Aprè dram nan, lapolis syantifik ak youn nan jij depè komin Delma yo te rann li sou plas pou konsta legal yo epi tanmen ankèt fè limyè sou dram sa.

 

Kreyòl Enfo

Li tou  IJAN : Mèt Monferrier Dorval, batonye lòd avoka Pòtoprens yo, mouri anba bal bandi

You may also like

Leave a Comment