
Kreyòl Enfo, 22 oktòb 2020.- Bandi ak zam kidnape, aswè mèkredi 21 oktòb la, ansyen atakan seleksyon nasyonal foutbòl la Johnny Descolines nan zòn Dèlma 33. Se ansyen konpayèl li nan seleksyon an Ernso Laurence ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo.
Bandi ki kidnape Johnny Descolines yo deja kontakte fanmi an epi mande » anpil lajan », daprè Ernso Laurence ki rèsponsab pak Sent Terèz, nan komin Petyonvil.
Johnny Descolines se grenadye ki te konn briye nan seleksyon nasyonal la. Li te pote koulè ekip vyolèt la pandan plizyè lane.
Kreyòl Enfo