
Kreyòl Enfo, 22 oktòb 2020.- Mardochée Wagnac, yon jèn tifi 14 lane, pèdi lavi l anba bal bandi sou motosiklèt aswè mekrèdi 21 oktòb la nan zòn Vènè, yon katye nan vil Okay, depatman Sud. Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime bandi yo kòmèt krim nan paske viktim nan te refize bay yon telefòn ki te nan men l.
Lapolis nan depatman Sid la poko fè okenn arèstasyon aprè krim sa ki revòlte sitwayen nan tout rejyon an. Anpil sitwayen egzije otorite yo mete lapat sou endividi ki kòmèt zak la epi jije yo jan lalwa mande sa.
Yon pwòch Mardochée ki pat ka gen kenbe dlo nan je l siyale « Ayiti pat janm rive nan yon sitiyasyon malouk konsa. Vagabon wete lavi yon pou yon vye telefòn. Se pa posib pou Leta remèt peyi a bay bandi. »
Menm jan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, bandi ak zam ap taye banda nan depatman Sid la. Pandan dènye jou sa yo, zagoloray pa sispann vole, fè kadejak sou fanm epi touye sitwayen nan divès vil nan rejyon sid la.
Kreyòl Enfo