Home AKTYALITEGrégory Saint-Hilaire, etidyan nan Lekòl Nòmal Siperyè, mouri anba bal yon ajan Inite Sekirite Palè Nasyonal

Grégory Saint-Hilaire, etidyan nan Lekòl Nòmal Siperyè, mouri anba bal yon ajan Inite Sekirite Palè Nasyonal

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 3 oktòb 2020.- Yon etidyan nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS, sig nan lang franse) pwomosyon 2013-2017 mouri anba bal, vandredi 2 oktòb la, aprè li te fin resevwa yon bal nan do anndan lokal fakilte a. Viktim nan ki rele Grégory Saint-Hilaire rann dènye souf li lopital Bernard Mevs.

Etidyan ki te prezan nan lokal ENS nan moman ensidan an lonje dwèt sou ajan Inite Sekirite Palè Nasyonal (USGN, sig nan lang franse) kòm prensipal rèsponsab krim nan. Youn nan yo eksplike se pandan yo t ap revandike dwa yo nan lokal fakilte a sou yon pwotokòl ministè edikasyon nasyonal ak lekòl nòmal te siyen pou pèmèt etidyan k ap fini fè estaj epi nome yo, polisye debake epi simen katouch ak gaz lakrimojèn sou lokal la.

Plizyè nan etidyan yo ki pat ka kenbe dlo nan je regrèt aprè « kanmarad Grégory fin pran bal la, polisye yo te kontinye ap veye deyò a pou asasinen nenpòt etidyan ki ta soti pou mennen l pran laswenyay ». Youn nan yo ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime se aprè plis pase twa èd tan yo te rive kouri ak viktim nan lopital jeneral. malerezman, pat gen okenn doktè pou ba li laswenyay.

Li tou  Senatè Joseph Lambert vire do bay prezidan Jovenel Moïse epi rantre nan opozisyon

Nan kamyonèt, etidyan yo te kouri ak Grégory Saint-Hilaire nan lopital Bernard Mevs. Jèn pwofesè a ki te gentan pase plizyè èd tan ap bay san rann dènye souf li nan lakou lopital la.

Grégory Saint-Hilaire se yon jèn pwofesyonèl ki te konn patisipe nan tout mouvman pou denonse move konpòtman otorite yo epi mande bon jan ankadreman pou jèn ki soti nan Inivèsite Leta Ayisyen an (ILA). Aprè Lekòl nòmal, Grégory Saint-Hilaire te nan dezyèm ane tou nan fakilte dwa ak syans ekonomik.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment