IJAN : Francois Anick Joseph, ansyen senatè Latibonit, mouri britsoukou nan peyi Kanada

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 27 oktòb 2020.- Ansyen senatè Latibonit la, François Anick Joseph, mouri aprè midi madi 27 oktòb la nan peyi Kanada. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE), ansyen minis enteryè ak kolektivite tèritoryal yo mouri britsoukou aprè yon kriz kè.

François Anick Joseph te senatè nan depatman Latibonit anba chapo pati Òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL). Li te okipe pòs minis enteryè pandan pouvwa tranzisyon Jocelerme Privert t ap dirije a.

Senatè François Anick Joseph, 58 lane, te pwofesè sosyoloji nan plizyè fakilte nan peyi a.

Kreyòl Enfo

Li tou  Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)

You may also like

Leave a Comment