Baradè : ansyen depite Clément Dupner mouri, otorite yo anonse yon ankèt

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 24 septanm 2026.-  Sitwayen nan komin Baradè, nan depatman Nip, dekouvri maten jedi a (24) kadav ansyen depite Dupner Clement nan lakou lakay li. Jij depè Ociel Josaphat ki te fè konsta legal yo siyale te gen san nan bouch viktim epi atè bò kote kadav la.

Aprè analiz yon medsin ak yon enfimye, jij depè a te bay lòd pou leve kadav la epi al mete l nan mòg. Otorite nan depatman Nip la anonse ouvèti yon ankèt pou fè limyè sou sikonstans ansyen palmantè a pèdi lavi l.

Dupner Clement anpil moun konnen sou non « Kafou” te reprezante sikonskripsyon Baradè – Gran Boukan nan 49e lejislati a. Enfòmasyon kèk pwòch ansyen palmantè pataje ak Kreyòl Enfo konfime Dupner Clement t ap prepare l pou al kandida nan eleksyon ki ta dwe fèt 13 desanm k ap vini la a.

Li tou  Nouyòk : Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre dyaspora a epi onore atis Carole Demesmin

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment