Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

Baradè

AKTYALITEENSEKIRITEPOLITIK

Baradè : ansyen depite Clément Dupner mouri, otorite yo anonse yon ankèt

by Kreyòl Enfo 24/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 24 septanm 2026.-  Sitwayen nan komin Baradè, nan depatman Nip, dekouvri maten jedi a (24) kadav ansyen depite Dupner Clement nan lakou lakay li. Jij depè Ociel Josaphat ki te fè konsta legal yo siyale te gen san nan bouch viktim epi atè bò kote kadav la.

Aprè analiz yon medsin ak yon enfimye, jij depè a te bay lòd pou leve kadav la epi al mete l nan mòg. Otorite nan depatman Nip la anonse ouvèti yon ankèt pou fè limyè sou sikonstans ansyen palmantè a pèdi lavi l.

Dupner Clement anpil moun konnen sou non « Kafou” te reprezante sikonskripsyon Baradè – Gran Boukan nan 49e lejislati a. Enfòmasyon kèk pwòch ansyen palmantè pataje ak Kreyòl Enfo konfime Dupner Clement t ap prepare l pou al kandida nan eleksyon ki ta dwe fèt 13 desanm k ap vini la a.

Kreyòl Enfo

24/09/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Raphael André, rèsponsab politik Jakmèl, denonse KEP a li di ki fè twòp egzijans pou yon sitwayen ka kandida

    29/09/2026
  • Haiti24, deja 9 lane ap enfòme popilasyon an

    29/09/2026
  • Akayè : yon gwoup nèg ak zam anvayi mache a, otorite yo anonse dispozyon pou retabli lòd 

    26/09/2026
  • Kenskòf : Lapolis rekipere plizyè lokalite ki te anba kontwòl bandi

    26/09/2026
  • Baradè : ansyen depite Clément Dupner mouri, otorite yo anonse yon ankèt

    24/09/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.