
Kreyòl Enfo, 26 jen 2020.- Sèt (7) moun mouri ak plizyè lòt soti blese, aprè midi jedi 26 jen an, pandan yon fiziyad nan komin Gantye, depatman Lwès. Dram sa pase nan sant komin nan tou pre lokal komisarya, konplèks administratif ak sant sante a.
Yon temwen ki pale redaksyon Kreyòl Enfo (KE) nan telefòn eksplike《se yon endividi ki t ap tante vole yon machin bò 2zè konsa. Mèt machin nan ki wè sa kouri pou anpeche vòlè a pati ak machin nan.》Malerezman, 《endividi sa sezi yon zam ki te nan machin nan epi tonbe simen katouch nan tout direksyon. 4 moun mouri lapoula, 2 lòt ki te blese byen grav pèdi lavi yo nan chimen lopital》, toujou daprè temwen an.
Aprè fiziyad la, popilasyon an mete lapat sou prezime kriminèl la ki te gentan nan men lapolis epi touye l anba kout wòch ak kout manchèt. Yon rèsponsab lapolis nan komin Gantye di, daprè temwayaj abitan nan zòn nan, endividi ki komèt krim nan ta yon depòte ki gen pwoblèm mantal.
Abitan nan komin Gantye ak zòn ki viwonnen l yo sou gwo chòk aprè fiziyad sa. Pandan tout jounen vandredi a, dram nan te nan mitan prèske tout diskisyon sitwayen yo.
Kreyòl Enfo