
Kreyòl Enfo, 27 jen 2020.- Endividi otorite yo poko idantifye simen katouch, nan lanwit vandredi pou louvri samdi 27 jen an, sou yon jèn animatè mizik ki gen non atis « DJ Kabwa » nan vil Gonayiv, depatman Latibonit.a
Bandi yo wete lavi atis la pandan li t ap soti nan yon pwogram ki rele « Atè Plat », daprè enfòmasyon yon pwòch viktim nan pataje ak kolaboratè Kreyòl Enfo nan site lendepandans la.
« DJ Kabwa » moun Gonayiv prezante tankou yon jèn ki boure talan ta yon pwòch senatè Youri Latortue. Fanmi atis la mande otorite yo fè limyè sou zam asasinay sa epi pini koupab yo.
Fenomèn ensekirite a pa sispann ogmante nan site lendepandans la. Malgre anpil dispozisyon otorite nan lapolis ak lajistis di yo pran pou kwape bandi, sitwayen yo kontinye ap viktim chak jou pi plis.
Kreyòl Enfo