Home ENFÒMASYONLanmò : Konpè Filo, jounalis nan Radyo ak Televizyon Ginen, mouri jodi vandredi a

Lanmò : Konpè Filo, jounalis nan Radyo ak Televizyon Ginen, mouri jodi vandredi a

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 31 jiyè 2020 .- Jounalis Anthony Pascal moun plis konnen sou non Konpè Filo mouri jodi vandredi 31 jiyè a, daprè enfòmasyon jounalis Lunie Joseph pataje sou Twitè. Poko gen twòp detay sou sikonstans lanmò Konpè Filo ki te konn anime emisyon Kalfou sou Radyo ak Televizyon Ginen (RTG).

Anthony Pascal (Konpè Filo) se youn nan jounalis moun te plis rèspekte nan peyi a. Li te sibi gwo zak maspinay pandan peryòd diktati boutdi François ak Jean-Claude Duvalier a. Konpè Filo te oblije ale nan egzil nan lane 1985.

Tout ekip Kreyòl Enfo a wete chapo pou swete Konpè Filo bon travèse.

Li tou  Dram : 15 timoun mouri boule nan ofelina yon legliz Kenskòf

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment