Kreyòl Enfo, 9 janvye 2021 .- Dram nan komin Senrafayèl (depatman Nò) kote bandi louvri kout zam epi touye pou pi piti sis (6) moun nan lokalite Savann Dyann pandan yon seremoni vodou wougan Aronce Garçon t ap dirije pou konbat bandi k ap vòlò bèt peyizan yo nan kanton an. Ajan egzekitif k ap dirije lameri Senrafayèl la, Moise Ménéide, ki pale ak redaksyon Haitiinfospro.com (HIP) eksplike se pandan seremoni an ap dewoule epi yon gwoup bandi debake epi simen katouch sou peyizan yo.

Yon pati nan kadav youn nan viktim Savann Dyann yo
HIP ki rapòte pawòl premye sitwayen Senrafayèl la presize pami moun ki mouri nan fiziyad sa gen wougan Aronce Garçon, Minouse, Milien, Odino ak Dokiyè. Gen yon lòt sitwayen ki blese byen grav tou anba bal bandi yo. Poko gen yon arèstasyon ki fèt aprè dram sa, daprè yon sitwayen nan zòn nan.
Moise Ménéide rekonèt sitiyasyon an malouk anpil nan komin Senrafayèl pandan dènye tan sa yo. Plizyè sitwayen oblije abandone kay yo pou yo pa viktim anba men bandi k ap fè lalwa nan komin nan.
Kreyòl Enfo