Kreyòl Enfo, 29 septanm 2026.- Medya nimerik La Brève Info selebre 11e anivèsè li jodi madi 29 septanm 2026 la. Pwopriyetè epi Dirèktè Jeneral La Brève Info a, jounalis Jean Michel Sincère, pwomèt l ap kontinye fè yon travay pwofesyonèl epi pataje enfòmasyon ki verifye ak sitwayen yo.
Jounalis la ki di li konstate ak anpil satisfaksyon medya nimerik yo se youn nan premye sous enfòmasyon sitwayen yo, regrèt kontwòl ki pa genyen nan sektè a. Jean Michel Sincère di se yon danje pou pwofesyon jounalis la lè nenpòt moun ki kreye yon paj sou Facebook rele tèt li jounalis san rèspekte egzijans metye a. Li siyale pwoblèm mwayen ki anpeche medya yo angaje bon jan teknisyen ak jounalis pwofesyonèl pou pi byen sèvi popilasyon an sitou nan vil pwovens yo.
Rèsponsab La Brève Info a se youn nan manm fondatè RENAMEL ( Rezo Nasyonal Medya Nimerik yo), yon estrikti k ap akonpaye medya yo. Jean Michel Sincère swete gen plis fòmasyon ki fèt pou jounalis miltimedya yo li raple k ap travay nan kondisyon difisil.
La Brève Info ap kontinye devlope pou ofri plis opsyon pou sitwayen yo ka gen aksè ak bon jan enfòmasyon, daprè Jean Michel Sincère. Li pwofite remèsye tout moun k ap swiv yo sou rezo sosyal yo ansanm ak ekip redaksyon an.
Kreyòl Enfo pwofite okazyon an pou swete yon bon 11e anivèsè ak tout ekip La Brève Info a.
Kreyòl Enfo