IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 janvye 2021.- Komisè gouvènman Miragwàn nan arete, aprè midi jedi a (21), ansyen Senatè Nip la, Nenel Cassy, aprè yon manifestasyon opozisyon an t ap òganize nan vil la pou egzije Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021.

Plizyè lòt militan politik pami yo pwofesè Jeanty Manis ak Cadet Ebens jwenn arèstasyon yo tou. Pou kounye a, Senatè Nenel Cassy ansanm ak lòt moun ki arete yo nan gadavi komisarya Miragwàn nan.

Kawoutchou deja ap boule nan plizyè kwen nan vil Miragwàn pou mande liberasyon Senatè a ansanm ak lòt militan yo.

Kreyòl Enfo 

Li tou  Aprè li fin pèdi eleksyon an, Flávio Bolsonaro kouri kite Brezil pou rantre Etazini

You may also like

Leave a Comment