Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026.- Yon gwoup ekspè nan Òganizasyon Nasyonzini ( ONI) lonje dwèt sou ansyen senatè Moise Jean Charles ki ta nan yon rezo k ap fè trafik zangi. Daprè yon rapò ekspè yo pibliye, lidè Pitit Desalin nan ta itilize rezo sa pou jwenn otorizasyon anba tab pou voye vann zangi nan lòt peyi.
Moise Jean Charles ta fè presyon tou sou ajan ladwàn yo pou fòse yo kache orijin machandiz la, toujou daprè rapò a. Anketè Òganizasyon Nasyonzini yo fè kwè ansyen palmantèta a ta lakoz Leta ayisyen pèdi yon pil lajan ak rezo kontrebann sa.
Moise Jean Charles ki pale ak redakayon Kreyòl Enfo denonse « yon konplo » li di ekspè Nasyonzini yo melanje ak oligak ayisyen ap fè pou sal imaj li. Lidè Pitit Desalin nan bay garanti » konplo sa p’ap pase ».
Òganizasyon Nasyonzini te tanmen ankèt sou Moise Jean Charles la nan vil Fòlibète depi nan lane 2024.
Kreyòl Enfo
