Kreyòl Enfo, 6 oktòb 2026 .- Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) anonse li pwolonje peryòd pou kandida yo enskri sou entènèt epi depoze dokiman ki nesesè yo nan Biwo Elektoral Depatmantal yo (BED). Peryòd enskripsyon sa ki te dwe fini 14 oktòb k ap vini la a pwolonje jiska 31 oktòb 2026. KEP a ranvwaye tou peryòd ki te prevwa pou demare ak kanpay elektoral la.
Yon rèsponsab nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki pale ak Kreyòl Enfo anonse dat 13 desann ki te prevwa pou premye tou eleksyon yo » p’ap kenbe ». Rèsponsab sa ki pa vle non l site di yo prèske fin travay sou nouvo kalandriye elektoral la. Li fè kwè nouvo kalandriye sa ta dwe pibliye nan jou k ap vini la yo.
Otorite yo nan gouvènman an nan tèt kole ak KEP a chanje tou plizyè atik nan dekrè elektoral la. Youn nan atik ki chanje nan dekrè a se 253. Otorite yo retire obligasyon atik sa te fè kandida yo pou pran yon dokiman nan Bank Repiblik Ayiti a ( BRH, sig nan lang franse) pou konplete dosye yo.
Plizyè sitwayen k ap prepare pou al poze kandidati yo nan pwochèn eleksyon yo bat bravo pou kèk chanjman ki fèt nan dekrè elektoral la ak nouvo kalandriye ki pral soti a. Dieunet Sineus ki vle kandida pou pòs depite nan dezyèm sikonskripsyon Pòtoprens la di eleksyon pa ka fèt nan peyi a si pwoblèm ensekirite a pa rezoud.
Kreyòl Enfo
