Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

Moise Jean Charles

AKTYALITEPOLITIK

Òganizasyon Nasyonzini lonje dwèt sou Moise Jean Charles nan kontrebann zangi

by Kreyòl Enfo 08/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026.- Yon gwoup ekspè nan Òganizasyon Nasyonzini ( ONI) lonje dwèt sou ansyen senatè Moise Jean Charles ki ta nan yon rezo k ap fè trafik zangi. Daprè yon rapò ekspè yo pibliye, lidè Pitit Desalin nan ta itilize rezo sa pou jwenn otorizasyon anba tab pou voye vann zangi nan lòt peyi.

Moise Jean Charles ta fè presyon tou sou ajan ladwàn yo pou fòse yo kache orijin machandiz la, toujou daprè rapò a. Anketè Òganizasyon Nasyonzini yo fè kwè ansyen palmantèta a ta lakoz Leta ayisyen pèdi yon pil lajan ak rezo kontrebann sa.

Moise Jean Charles ki pale ak redakayon Kreyòl Enfo denonse « yon konplo » li di ekspè Nasyonzini yo melanje ak oligak ayisyen ap fè pou sal imaj li. Lidè Pitit Desalin nan bay garanti  » konplo sa p’ap pase ».

Òganizasyon Nasyonzini te tanmen ankèt sou Moise Jean Charles la nan vil Fòlibète depi nan lane 2024.

Kreyòl Enfo

08/10/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Lanmò : se konfime majistra Kenskòf la, Massillon Jean, rann dènye souf li

    09/10/2026
  • Gonayiv : Alix Didier Fils-Aimé anonse 105 milyon goud pou repare pak Stenio Vincent

    08/10/2026
  • Nasyonzini : nan 6 mwa, plis pase 3 100 moun pèdi lavi yo anba bal nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la

    08/10/2026
  • Òganizasyon Nasyonzini lonje dwèt sou Moise Jean Charles nan kontrebann zangi

    08/10/2026
  • Mèt Joseph Mecène Jean-Louis, ansyen dwayen Lakou kasasyon, mouri nan yon lopital Gonayiv

    07/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.