
Kreyòl Enfo, 17 fevriye 2021.- Olsmina Jean-Méus se non yon ti fi 5 lane bandi ak zam te kidnape semèn pase a. Manman li, Nadège Saint-Hilaire, konfime bandi yo toufe timoun nan ak yon kòd epi jete kadav la sou pil fatra nan zòn Pon Breya, katye Matisan.
Bandi yo te mande 40 mil dola vèt pou libere Olsmina Jean-Méus, daprè manman an ki se yon machann pistach. Yon lajan fanmi ti pitit la pat ka jwenn.
Nan mikwo plizyè medya, Madanm Saint-Hilaire eksplike li » fè tout mouvman pou m wè si m ta jwenn kòb la pou m bay. Malerezman, nou pat ka jwenn li ». Manman Olsmina ki paka kenbe dlo nan je l presize » se toufe yo toufe l. Mwen jwenn li ak tout kòd la nan kou li ».
Pou kounye a, kadav ti pitit 5 lane a ap glase nan mòg. Fanmi an bezwen 40 mil goud pou fè lantèman an. Madanm Nadège Saint-Hilaire mande tout sitwayen pote kole pou ede l jwenn mwayen pou bay Olsmina yon dènye ochan.
Asasina ti fi 5 lane sa revòlte divès sitwayen nan sosyete a. Yon krim ki rive nan moman fenomèn kidnaping la pran tout zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Otorite yo ki t ap pyafe nan kanaval Pòdepè poko reyaji sou krim sa.
Kreyòl Enfo