Ensekirite : Michelet Lozama, « DJ Cash cash », blese anba bal bandi Pòtoprens

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 23 novanm 2020.- Animatè kiltirèl Michelet Lozama ki gen non atis « DJ Cash cash » blese anba bal bandi, nan mitan jounen lendi a (23), nan ri Oden, tou pre Ministè Edikasyon nasyonal. Yon sous pwòch viktim nan ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo (KE) presize atis la resevwa yon bal nan pye.

Bandi yo ki te sou motosiklèt pran yon valiz kite nan men DJ Cash cash aprè yo fin komèt zak la. Poko gen twòp detay sou kisa ki te nan valiz la. Pa vrèman gen gwo Danje pou lavi DJ Cash cash, toujou daprè menm sous la.

Li tou  Ensekirite : Bandi ak zam rantre nan sal ijans Lopital Jeneral, pran yon malad epi simen katouch sou li

Cash cash, youn nan pi ansyen DJ nan peyi a, te deja viktim nan yon aksidan machin nan kòmansman ane a.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment