1

Kreyòl Enfo, 16 novembre 2020.- Nan yon arete prezidansyèl ki pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur maten lendi 16 novanm nan, Chèf Leta a nome sitwayen Léon Charles kòm nouvo Direktè Jeneral pou yon ti bout tan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse). Léon Charles ranplase Normil Rameau ki sot pase anviwon yon lane nan tèt enstitisyon an.
Nouvo Direktè Jeneral lapolis la te deja dirije enstitisyon an nan pandan gouvènman tranzisyon Boniface Alexandre ak Gérard Latortue a. Li te remèt demisyon li nan lane 2005 aprè anpil kritik sou fason li t ap dirije PNH la.
Léon Charles se yon ansyen manm tou nan fòs lame Ayiti a. Li te reprezante Ayiti nan Òganizasyon Leta Amerik yo (OEA, sig nan lang franse).
Kreyòl Enfo