
Kreyòl Enfo, 8 septanm 2020.- Prèske 2 semèn aprè bandi ak zam te fin asasine batonye lòd avoka Pòtoprens yo, Mèt Monferrier Dorval, otorite yo remèt kadav la bay fanmi viktim nan.
Daprè enfòmasyon redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime, lantèman Mèt Monferrier Dorval ap chante nan legliz Sen Pyè, komin Petyonvil, jedi 18 septanm k ap vini la a. Anpil mobilizasyon ap fèt nan mitan divès sektè nan peyi a pou bay yon dènye ochan ak batonye a ki te konn fè kou tou nan plizyè Inivèsite.
Pandan planifikasyon ap fèt pou lantèman konstitisyonalis la, gwo mouvman pwotestasyon ap rapouswiv nan kapital la ak divès lòt vil pou denonse zak asasinay sa epi mande Leta frennen fenomèn ensekirite a.
Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Durcamel Gabriel, envite plizyè avoka ansanm ak sekretè prive Mèt Dorval nan kad ankèt pakè deja louvri pou fè limyè sou krim nan.
Kreyòl Enfo
