Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

Dyaspora

AKTYALITEDYASPORA

Yon òganizasyon ayisyen nan dyaspora a mande Nasyonzini bloke operasyon Salvadò ap prepare kont gang yo

by Kreyòl Enfo 31/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 31 oktòb 2026.- Yon òganizasyon ayisyen nan dyaspora a mande Nasyonzini bloke operasyon Salvadò ap prepare kont gang yo nan zòn Kwadèboukè . Nan yon lèt tou louvri li voye bay Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, Òganizasyon dyaspora sa ki rele  » Nasyonzini -Ayiti » di yon dividal inosan pami yo anpil timoun deja pèdi lavi yo anba bonb lame Salvadò nan komin Kwadèboukè.

Nasyonzini-Ayiti ki gen nan tèt li Harvey Dupiton di depi 22 oktòb lame Salvadò a itilize elikoptè atak ak gwo zam lagè pou touye sivil nan divès katye pami yo zòn Kanaran. Òganizasyon dyaspora ayisyen sa fè kwè se anba kabann fanmi yo genyen nan Kwadèboukè ap dòmi akoz operasyon sòlda salvadoryen yo.

Yon seri akizasyon prezidan Salvadò a voye jete byen lwen. Sou X (Twitter), Nayib Bukele presize òganizasyon « Nasyonzini-Ayiti » te gentan ekri lèt sa yon jou avan menm premye elikoptè lame Salvadò a te rive Ayiti. Prezidan Bukele eksplike non sèlman yo pa gen bonb, men tou elikoptè atak lame Salvadò yo poko fè menm yon grenn atak kont gang yo nan Kwadèboukè.

Nasyonzini-Ayiti a se yon òganizasyon nan dyaspora ayisyen k ap fè « lobby » pou kriminèl ak gang epi ki pran pòz se yon òganizasyon imanitè, daprè Nayib Bukele.

Plis pase 2000 sòlda salvadoryen deja deplwaye Ayiti pou prepare operasyon chèche 4 sòlda bandi te kidnape depi 18 oktòb pase a. Yon inisyativ prèske tout ayisyen ap kote.

Kreyòl Enfo

31/10/2026 0 comments
ELEKSYONAKTYALITEDYASPORA

Yon delegasyon KEP a rive nan peyi Brezil pou obsève eleksyon 4 oktòb yo

by Kreyòl Enfo 30/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 30 septanm 2026.- Yon delegasyon ki soti nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ateri nan peyi Brezil pou obsève eleksyon ki pral òganize 4 oktòb k ap vini la a. Misyon sa rantre nan kad demach pou boukante eksperyans ak otorite brezilyen yo, daprè yon nòt KEP a pibliye.

2 konseye elektoral konpoze degasyon ki rive Brezil la : Patrick Saint-Hilaire ak Marie Florence Mathieu. Reprezantan KEP yo gen misyon pou swiv premye tou eleksyon jeneral yo k ap fèt pou pòs prezidan ak vis prezidan, gouvènè, senatè, depite federal ak depite pou chak Eta yo ak Distri Federal la.

Pandan misyon sa, delegasyon an ap rankontre divès otorite ak aktè elektoral nan peyi Brezil. Y ap genyen pou chanje enfòmasyon epi pran eksperyans k ap sèvi nan reyalizasyon eleksyon yo Ayiti, daprè Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Depi aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la peyi Brezil louvri pòt li pou akeyi imigran ayisyen. Enfòmasyon ki soti nan Polis Federal (PF) konfime gen anviwon 100 mil ayisyen k ap  Brezil.

Kreyòl Enfo

30/09/2026 0 comments
AKTYALITEDYASPORAKILTI

Nouyòk : Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre dyaspora a epi onore atis Carole Demesmin

by Kreyòl Enfo 21/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 septanm 2026 .- Pandan deplasman li nan peyi Etazini pou patisipe nan 81e Asanble Jeneral Òganizasyon tout nasyon yo ( ONU, sig nan lang franse), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pwofite rankontre kominote dyaspora ayisyen an nan Nouyòk. Pandan rankont sa, Alix Didier Fils-Aimé te salye prezans Carole Demesmin, yon zetwal nan kilti ayisyen an.

Premye Minis la raple Carole Demesmin se yon vwa ki make tout yon jenerasyon. Atis la kontinye ap pote, atravè zèv li, idantite, memwa ak richès kilti ayisyen an, toujou daprè chèf gouvènman an. Li souliye tou kontribisyon atis yo pote nan vann imaj Ayiti nan peyi etranje yo.

Se te lokazyon tou pou chèf Primati a te prezante priyorite gouvènman l lan bay kominote ayisyen an ki tabli nan Nouyòk, Etazini. Alix Didier Fils-Aimé fè kwè sekirite se pi gwo priyorite li genyen nan moman an. Li raple pwogram P4000 la ki vize ranfòse Lapolis, epi objèktif pou Fòs Lame Ayiti a gen 15 mil sòlda pandan 3 lane k ap vini la yo.

Premye Minis la di volonte li genyen tou pou gouvènman l ap dirije a òganize bon jan eleksyon epi retabli demokrasi nan peyi a. Alix Didier Fils-Aimé ankouraje dyaspora a rantre plis nan lavi ekonomik ak politik peyi a.

Kreyòl Enfo

21/09/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Yon òganizasyon ayisyen nan dyaspora a mande Nasyonzini bloke operasyon Salvadò ap prepare kont gang yo

    31/10/2026
  • IJAN : Otorite elektoral yo pa aksèpte dosye kandida Jean Ernst Muscadin

    29/10/2026
  • 4 moun mouri, 2 disparèt, anpil kay kraze : bilan pwovizwa move tan k ap frape peyi a

    28/10/2026
  • Aprè li fin pèdi eleksyon an, Flávio Bolsonaro kouri kite Brezil pou rantre Etazini

    27/10/2026
  • Nayib Bukele : Kadav ki remèt yo se pa kò 4 sòlda salvadoryen yo

    24/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.