Kreyòl Enfo, 4 novanm 2026.- Pati Demokrat la genyen majorite syèj nan 2 branch Kongrè ameriken an aprè eleksyon mwatye manda (midterms) ki dewoule ayè madi 3 novanm 2026 la. Rezilta sa yo se yon defèt istorik pou prezidan repibliken an, Donald Trump, ki pral gen difikilte pou enpoze gwo desizyon politik li yo.
Nan eleksyon pou yon bout nan Sena a, pati Demokrat la genyen 20 syèj, pami yo 7 ki te anba kontwòl Repibliken yo. Dènye rezilta pasyèl yo montre Demokrat yo ap okipe pou piti 54 syèj sou 100 . Yo te bezwen sèlman 51 syèj pou asire majorite senatè yo.
Sou 435 syèj ki disponib nan chanm depite a, demokrat yo genyen 228, pami yo 25 te anba kontwòl repibliken yo. Pati Demokrat la te bezwen sèlman 218 pou pran majorite a.
Prezidan Donald Trump ki rekonèt defèt la di li pare pou travay ak reprezantan demokrat yo. Prezidan ameriken an panse lagè kont Iran an gen konsekans sou rezilta eleksyon yo. Toutfwa, Donald Trump fè kwè repibliken yo pèdi eleksyon an paske se pa foto ki te sou bilten yo.
Eleksyon « midterms » yo ap chanje konplètman ekilib pouvwa a nan peyi Etazini, sitou aprè pati Donald Trump la pèdi kontwòl li te genyen nan 2 chanm yo.
Kreyòl Enfo

